USDA Food Benefits (Haitian Creole)
N.Y. Gov. Press Rel. 2026-07-25
New York Governor Executive Orders
Pou Piblikasyon Imedya: 25/07/2026 GOUVÈNÈ KATHY HOCHUL GOUVÈNÈ HOCHUL JWENN DEKLARASYON KATASTWÒF USDA POU 32 KONTE POU PWODIKTÈ KI TE SIBI GWO PÈT REKÒT AKÒZ MOVE TAN EKSTRÈM NAN PRENTAN Rekòt pòm, fwi ak nwayo ak rezen te afekte apre kondisyon difisil yo te andomaje boujon fwi yo; pèt yo estime pou pwodiktè ki deja fè deklarasyon yo depase 30 milyon dola Deziyasyon an pèmèt pwodiktè ki kalifye yo aplike pou prè ijans ki gen enterè ba ak asistans pou katastwòf Gouvènè a ankouraje konsomatè yo pou sipòte pwodiktè lokal yo Lèt deklarasyon katastwòf la isit la Jodi a, Gouvènè Kathy Hochul anonse Depatman Agrikilti Etazini (United States Department of Agriculture, USDA) bay Eta Nouyòk yon Deziyasyon pou Katastwòf Sekretè a pou konte ki nan rejyon Finger Lakes, Mid-Hudson, Kapital, Sant Nouyòk, Long Island, Mohawk Valley, Nouyòk, North Country, Southern Tier ak Lwès Nouyòk, apre move tan ekstrèm nan prentan an te afekte anpil operasyon fwi, tankou pwodiktè pòm, fwi ak nwayo, rezen ak frèz.
Jiska kounye a, pwodiktè ki te fè deklarasyon nan rejyon sa yo sibi yon pèt yo estime ki depase 30 milyon dola. Yon Deziyasyon pou Katastwòf pèmèt agrikiltè ki afekte yo aplike pou prè ijans ak enterè ki ba USDA yo. Yo te bay deziyasyon sa a apre Gouvènè Hochul te mande yon deklarasyon pou katastwòf nan dat 19 me 2026. "Pwodiktè Nouyòk yo te sibi gwo domaj nan kòmansman ane sa a; kèk ladan yo pèdi tout yon sezon pwodiksyon epi rapòte plizyè dizèn milyon dola nan pèt ekonomik," Gouvènè Hochul te deklare.
"Mwen ta renmen remèsye USDA dèske li pran mezi sa a pou bay konte ki afekte yo yon deziyasyon pou katastwòf epi ede pwodiktè nou yo jwenn asistans yo bezwen pou yo retabli epi vanse.
Mwen ankouraje Nouyòkè yo tou paske yo kontinye sipòte pwodiktè lokal yo, swa lè yo achte pwodui lokal fre ki soti dirèkteman nan fèm yo, oswa lè yo achte anpil pwodui ki fèt ak rekòt kiltivatè Nouyòk yo." Konte ki annapre yo enkli nan Deziyasyon pou Katastwòf la pou jèl ak gwo fredi nan dat 7-8 avril 2026: • Broome, Cortland ak Tompkins Konte vwazen sa yo enkli tou: Cayuga, Chemung, Chenango, Delaware, Madison, Onondaga, Schuyler, Seneca ak Tioga Konte ki annapre yo enkli nan Deklarasyon Katastwòf la pou jèl ak gwo fredi nan dat 19 rive 21 avril 2026: • Broome, Cayuga, Chemung, Columbia, Cortland, Dutchess, Fulton, Greene, Montgomery, Nassau, Niagara, Onondaga, Ontario, Orange, Orleans, Oswego, Putnam, Rockland, Saratoga, Schuyler, Seneca, Steuben, Suffolk, Tompkins, Ulster, Washington, Wayne, Westchester ak Yates.
Konte vwazen sa yo enkli tou: Albany, Allegany, Bronx, Chenango, Delaware, Erie, Essex, Genesee, Hamilton, Herkimer, Jefferson, Lewis, Livingston, Madison, Monroe, Oneida, Otsego, Queens, Rensselaer, Schenectady, Schoharie, Sullivan, Tioga ak Warren. Konte ki annapre yo enkli nan Deklarasyon pou Katastwòf la pou jèl ak gwo fredi nan dat 11-12 me 2026: • Fulton, Montgomery, Onondaga, Otsego ak St. Lawrence Ladan nou gen konte vwazen sa yo tou ki se Cayuga, Chenango, Cortland, Delaware, Franklin, Hamilton, Herkimer, Jefferson, Lewis, Madison, Oneida, Oswego, Saratoga, Schenectady ak Schoharie.
Konte ki annapre yo enkli nan Deklarasyon pou Katastwòf la pou gwo van ak lagrèl ki te tonbe nan dat 13-14 me 2026: • Cayuga ak Oswego Ladan nou gen konte vwazen sa yo tou ki se Cortland, Jefferson, Lewis, Madison, Oneida, Onondaga, Seneca, Tompkins ak Wayne. Konte ki annapre yo enkli nan Deklarasyon pou Katastwòf la pou gwo lapli, inondasyon ak inondasyon toudenkou ki te rive soti 31 mas rive 1ye avril 2026: • Erie Konte vwazen sa yo enkli tou: Cattaraugus, Chautauqua, Genesee, Niagara ak Wyoming.
Yon deziyasyon pou katastwòf USDA rann operatè agrikòl nan konte prensipal ak konte ki kole ak konte sa yo kalifye pou yo konsidere yo pou prè ijans nan Ajans Sèvis pou Fèm yo, depi yo reponn a kondisyon pou kalifye pou yo. Agrikiltè nan konte ki kalifye yo genyen uit mwa apati de dat deklarasyon katastwòf la pou aplike pou pwogram èd yo. Kiltivatè yo ka kontakte biwo lokal FSA yo isit la: Jwenn Sant Sèvis USDA Lokal Ou a.
Anplis, agrikiltè yo ka jwenn lòt resous, tankou zouti Asistans pou Katastwòf FSA a, ki ede agrikiltè yo detèmine si yo kalifye pou pwogram FSA yo, sou paj wèb Jesyon Ijans Depatman Agrikilti ak Mache (Department of Agriculture and Markets) Eta Nouyòk la: https://agriculture.ny.gov/emergency-management-partners-and-resources. Nouyòk se yon gwo pwodiktè rekòt espesyalize. Endistri pòm, rezen ak fwi ak nwayo yo reprezante yon pati enpòtan nan ekonomi agrikòl Nouyòk. Pa egzanp, Nouyòk klase kòm dezyèm nan peyi a pou pwodiksyon pòm, epi twazyèm pou rezen.
Endistri pòm nan poukont li jenere yon enpak ekonomik 574 milyon dola. Rekòt sa yo jwe yon gwo wòl tou nan mache vant an gwo a, nan lavant an detay ak lavant kote kliyan yo vin ranmase pwòp pwodwi yo dirèkteman nan fèm nan. Domaj yo varye selon konte a, epi yon sondaj Depatman Agrikilti ak Mache (Department of Agriculture and Markets) Eta Nouyòk te fè montre anpil pwodiktè ap fè fas ak gwo pèt — soti nan 15 pousan rive jiska 100 pousan, ak yon pèt ekonomik yo estime ki depase 30 milyon dola jiskaprezan. Komisè Depatman Agrikilti ak Mache Eta Nouyòk la, Richard A.
Ball, ansanm ak plizyè òganizasyon agrikòl patnè, te vizite nan dat 7 me 2026 la, yon kantite pwodiktè ki te afekte nan rejyon Hudson Valley pou konstate yo menm domaj pwodiktè yo t ap fè fas ak yo. Komisè Agrikilti Eta Nouyòk (New York State Agriculture) la, Richard A. Ball, te deklare, "Mwen remèsye Gouvènè Hochul dèske li pran mezi epi li ankouraje USDA bay deklarasyon katastwòf sa a pou sipòte pwodiktè fwi ak legim nou yo nan moman yo bezwen èd.
Pandan nou t ap vizite Hudson Valley, nou te wè domaj san parèy nan rekòt pòm ak jaden rezen nou yo, epi pwodiktè nan rejyon atravè Eta a ap sibi menm kalite pèt ekonomik akòz jèl prentan an. Lè nou jwenn deklarasyon katastwòf sa a, agrikiltè ki afekte yo ap gen posiblite pou yo aplike pou finansman prè esansyèl, ki pral enpòtan anpil pou pwodiktè nou yo pandan y ap vanse." Reprezantan Pat Ryan te deklare, "Gwo fredi prentan sa a te vrèman devastatè pou agrikiltè ak pwodiktè nou yo nan Hudson Valley. Anpil nan pwodiktè pòm nou yo te di m yo te pèdi prèske 100% rekòt yo a.
Lè m te tande pale de domaj yo epi m te wè yo ak pwòp je m, sa te montre aklè nou te bezwen USDA pran mezi ijan. Pandan plizyè mwa, mwen te fè demach nan tout nivo pou ede jwenn Deziyasyon pou Katastwòf ofisyèl sa a, ki pral kounye a debloke plizyè milyon dola nan prè ijans ak resous pou ede agrikiltè ak pwodiktè nou yo kòmanse retabli. Mwen rekonesan pou mezi USDA pran an, men sa a se sèlman premye etap la. M ap pare pou ede tout moun jèl la te afekte aplike pou asistans sa a epi jwenn aksè ladan, pou biznis yo ka kontinye pwospere nan Hudson Valley." Manm Kongrè John W.
Mannion te deklare, "Apre mwen te fè presyon sou Sekretè Rollins epi mwen te jwenn angajman pèsonèl li pou fè demann Nouyòk la avanse san pèdi tan, mwen kontan USDA apwouve deklarasyon katastwòf sa a. Pwodiktè pòm, rezen ak rekòt espesyalize nou yo te sibi gwo pèt akòz jèl avril la, epi deziyasyon sa a pral ede agrikiltè ki kalifye yo jwenn asistans ijans ak prè ki gen to enterè ki ba yo bezwen pou yo retabli epi kontinye fè operasyon yo vanse.
Mwen felisite Gouvènè Hochul dèske li fè demann sa a avanse, epi m ap kontinye travay avèk USDA ak patnè eta ak lokal nou yo pou asire èd la rive jwenn fèm ki afekte yo pi vit posib." ### Lòt nouvèl disponib sou sit www.governor.ny.gov Eta Nouyòk | Chanm Egzekitif | press.office@exec.ny.gov | 518.474.8418 Enskri pou w jwenn mizajou Biwo Gouvènè a: ny.gov/signup | Voye tèks NEW YORK bay 81336 ANILE ENSKRIPSYON OU Pou dezabòne nan gwoup sa a epi sispann resevwa imèl ki soti ladan, voye yon imèl bay press.release+unsubscribe@exec.ny.gov.