Extension of Disaster Emergency (Winter Storm Resources) (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 57.1

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

Extension of Disaster Emergency (Winter Storm Resources) (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 57.1

New York Governor Executive Orders

Nimewo 57.1 D E K R È E G Z E K I T I F DEKLARASYON IJANS POUTÈT KATASTWÒF NAN TOUT ETA NOUYÒK KONSIDERE KE, apati janvye ak apresa, yo prevwa tanperati ekstrèm ak yon tanpèt ivè pral lakòz kondisyon danjere ki poze yon danje iminan pou transpò piblik, sèvis piblik, sante piblik, ak sistèm sekirite piblik nan tout Eta a; KONSIDERE KE, sistèm tanpèt sa a, ansanm ak lòt tanpèt ivè pandan sezon sa a ki gen pou fèt souvan e k ap kontinye te lakòz tanperati ekstrèmman frèt, van frèt ki danjere, gwo nèj, van fò, ansanm ak nèj k ap vole ak k ap akimile, sa ki te egzije gwo depans resous tankou sèl pou wout yo pou pwoteje sante ak sekirite piblik la.

KONSIDERE KE, Sistèm tanpèt sa a, ansanm a k kondisyon danjere ak ekstrèmman frèt ki te kontinye apre sa, redwi anpil rezèv sèl pou wout yo ak lòt resous esansyèl Eta a. Resous sa yo se sa Eta a ak gouvènman lokal yo atravè tout Eta a kontinye itilize pou reponn ak kondisyon ivè. Rediksyon sa a kap ab afekte seryezman kapasite Eta a ak gouvènman lokal yo pou reponn ak kondisyon ivè k ap kontinye ak tanpèt kap vini yo, konsa l ap poze yon danje iminan pou transpò piblik, sèvis piblik, sante piblik, ak sistèm sekirite piblik atravè Eta a.

KOUNYE A, AN KONSEKANS, MWEN, KATHY HOCHUL , Gouvènè Eta Nouyòk, konfòmeman ak otorite Konstitisyon Eta Nouyòk la ak Seksyon Atik 2 -B Lwa Egzekitif la te konfye mwen, avèk dokiman sa a, mwen pwolonje Eta Ijans poutèt Katastwòf la jan sa deklare nan Dekrè Egzekitif Nimewo 57, epi avèk dokiman sa a, kontinye kenbe anvigè tèm, kondisyon, ak sispansyon yo ki nan Dekrè Egzekitif Nimewo la ki gen rapò ak Seksyon 97-G, 112, ak nan Lwa Finans Eta a, ansanm ak Atik 4- C nan Lwa Devlopman Ekonomik la, nan limit sa nese sè pou achte nenpòt pwovizyon, machandiz, sèvis, teknoloji, oswa ekipman, oswa pou ajoute travay, sit, ak tan siplemantè nan kontra Eta a, san swiv pwosedi nòmal avi ak akizisyon yo, pou asire yon apwovizyònman kontinyèl ak adekwa ansanm ak aksè pwovizyon, machandiz, sèvis, teknoloji, ak ekipman sa yo, pou prepare Eta a pou li kapab reponn a kondisyon ivè ki kontinye ak tanpèt ivè ki gen pou vini, jiska mas 2026.

F È T anba siyati mwen ak So Prive Eta a nan Vil Albany nan 17yèm jou fevriye sa a nan ane de mil vennsis. SOU LÒD GOUVÈNÈ A Sekretè Gouvènè a

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Exec. Order No. 57.1
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifier4c717e04fe8d736b086d46a0e57cf8b796d47aee

Source file is stored in the law ingest library (pdf).

Extension of Disaster Emergency (Winter Storm Resources) (Haitian Creole) | CaseLite