Regulatory Reform (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 61

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

Regulatory Reform (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 61

New York Governor Executive Orders

Nimewo D E K R È E G Z E K I T I F BAY AJANS ETA NOUYÒK YO DIREKTIV POU REFÒME RÈGLEMAN AK POLITIK KI DEMODE KI GASPIYE TAN AK LAJAN KONSIDERE KE, Eta Nouyòk angaje pou ankouraje yon ekonomi eta ki dinamik epi pou diminye obstak ki pa nesesè ki anpeche Nouyòkè yo pwospere; KONSIDERE KE, inisyativ EXPRESS NY (Akselere Pwosesis ak Règleman yo pou Pèmèt Sèvis Senplifye) te etabli pou rann sèvis gouvènman yo pi senp, mòdenize règleman ki demode e ki lou ki bare reyalizasyon pwojè ak sèvis Nouyòkè yo bezwen, epi asire Eta Nouyòk rete yon destinasyon premye chwa pou inovasyon ak opòtinite ekonomik; KONSIDERE KE, anpil règleman ki egziste deja, menm si yo te gen bon entansyon le yo te kreye yo, genyen egzijans ki vin demode, ki ogmante depans san nesesite, ki limite aksè ak sèvis oswa ki retade pwogrè; KONSIDERE KE, amann, frè, ak penalite ki pa nesesè kapab mete yon chay ki pa ekitab sou Nouyòkè yo ak ti biznis yo; KONSIDERE KE, rapò ki repete, konsèy ki pa nesesè, ak komisyon ki sipèpoze konsome resous presye Eta a ak lajan kontribyab yo san yo pa bay yon benefis piblik ki koresponn; KOUNYE A, PA KONSEKAN, Mwen menm, Kathy Hochul, Gouvènè Eta Nouyòk la, konfòmeman ak otorite Konstitisyon an ak lwa Eta Nouyòk yo te konfye mwen, avèk dokiman sa a mwen bay lòd sa yo: Definisyon "Antite Eta yo" vle di (

i) tout ajans ak depatman Gouvènè a gen otorite egzekitif sou yo, epi (ii) tout sosyete ki bay asistans piblik, otorite piblik ak komisyon kote Gouvènè a deziyen Prezidan, Chèf Egzekitif, oswa pifò Manm Komisyon yo, sof pou Otorite Pòtyè Nouyòk ak New Jersey (Port Authority of New York and New Jersey). Modènize Règleman ki Demode yo Chak Antite Eta ki Afekte dwe fè yon revizyon sou règleman ak pwossdi administratif li genyen deja pou idantifye inefikasite ki anpeche eta a bay Nouyòkè yo sa yo bezwen.

Revizyon sa a dwe gen ladan, men li pa limite ak, idantifye: ● Egzijans règlemantè pou soumèt dokiman ki mande livrezon pa lapòs oswa faks, plizyè kopi enprime, mwayen kominikasyon demode (pa egzanp, telegram), peman pa chèk, oswa siyati ak lank, kote soumèt dokiman oswa fè peman pa mwayen dijital oswa lòt mwayen altènatif ta pi efikas. ● Opòtinite pou gen plis fleksibilite pou odyans ak reyinyon yo egzije kounye a pou fèt an pèsòn, kote fòma ibrid pou odyans oswa reyinyon yo ta legalman akseptab epi posib sou plan operasyonèl. ● Opòtinite pou elimine egzijans notarye ki pa nesesè, kote atestasyon pesonèl anba penalite pou fo temwayaj oswa itilizasyon sèvis notarye elektwonik ta apwopriye. ● Nenpòt egzijans règlemantè ki ajoute gwo depans pou respekte konfòmite pou ti biznis oswa moun san li pa bay yon benefis piblik ki klè.

Revizyon Amann, Frè ak Penalite Chak Antite Eta ki Afekte dwe revize ore frè li yo ak estrikti penalite li yo pou asire yo jis, transparan, ak pwopòsyonèl.

Revizyon sa a dwe gen ladan, men li pa limite ak, idantifye: ● Amann oswa frè ki gen enpak ki pa pwopòsyonèl sou Nouyòkè ki gen revni ba oswa sou ti biznis yo. ● Penalite ki kapab redui, anile pou premye vyolasyon ki pa fèt ak move entansyon, oswa ranplase ak peryòd koreksyon pou ankouraje konfòmite olye penalizasyon. ● Opotinite pou konsolide oswa senplifye egzijans frè atravè ajans yo nan sitiyasyon kote plizyè ajans mande frè pou menm aksyon yon moun k ap aplike fè.

Senplifikasyon Rapò Obligatwa ak Konsèy, Komisyon ak Konsèy Konsiltatif Pou asire yo itilize lajan kontribyab yo ap avèk sajès epi yo itilize resous Eta a avèk efikasite, chak Antite Eta ki Afekte dwe: ● Idantifye rapò règleman, politik, oswa lwa yo egzije ki pa itilize ankò, ki repete, oswa ki ka konsolide. ● Evalye tout konsèy, konsèy konsiltatif, gwoup travay ak komisyon ki anba jiridiksyon yo epi rekòmande pou yo elimine oswa refòme nenpòt antite konsa ki pa fè reyinyon resamman, ki pa sèvi enterè piblik la ankò, oswa lòt antite deja ranplase fonksyon li yo.

F È T anba siyati mwen ak So Prive Eta a nan Vil Albany, nan 8yèm jou mwa jiyè nan ane de mil vennsis. SOU LÒD GOUVÈNÈ A Sekretè Gouvènè a

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Exec. Order No. 61
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifier4db495bea8fbd0567c77a670dce1631e2f2885d8

Source file is stored in the law ingest library (pdf).

Regulatory Reform (Haitian Creole) | CaseLite