Extension of Healthcare Staffing Disaster Emergency (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 56.8

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

Extension of Healthcare Staffing Disaster Emergency (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 56.8

New York Governor Executive Orders

Nimewo 56.8 D E K R È E G Z E K I T I F MODIFYE DEKLARASYON IJANS POUTÈT KATASTWÒF NAN KONTE BRONX, NOUYÒK, AK KONTE KI OZALANTOU YO AKOZ MANK ANPLWAYE NAN SWEN SANTE NAN ETA NOUYÒK KONSIDERE KE, yon grèv pèsonèl enfimyè nan konte Bronx ak Nouyòk te lakòz plizyè lopital nan Eta a fè eksperyans gwo mank pèsonèl, sa ki afekte disponiblite ak livrezon swen, menase sante ak sekirite piblik, ak kapasite pou bay swen kritik, tankou pou popilasyon vilnerab yo, nan yon moman kote viris respiratwa yo rete gaye toupatou; KONSIDERE KE, pou pwoteje sante ak sekirite piblik la, nan dat janvye 2026, mwen te pibliye Dekrè Egzekitif Nimewo ki deklare yon Ijans poutèt Katastwòf nan Eta a nan konte Bronx, Nassau, Nouyòk, ak konte ozalantou yo; KONSIDERE KE, tèm, kondisyon, ak sispansyon ki nan Dekrè Egzekitif la se yon mezi tanporè pou garanti kontinuite swen yo ak sekirite pasyan yo, epi yo pa fèt pou bay okenn pati avantaj nan negosyasyon kolektif; epi KOUNYE A, AN KONSEKANS, MWEN, KATHY HOCHUL, Gouvènè Eta Nouyòk la, konfòmeman ak otorite Konstitisyon ak Seksyon Atik 2-B Lwa Egzekitif la te konfye mwen, avèk dokiman sa a, mwen konstate ke gen yon bezwen kontinyèl pou yon lòd ijans pou katastwòf nan Konte Bronx ak Nouyòk epi mwen pwolonje Eta Ijans poutèt Katastwòf la jan sa deklare nan Dekrè Egzekitif Nimewo la epi kontinye tèm, kondisyon, ak sispansyon ki nan Dekrè Egzekitif Nimewo jan yo aplike nan Bronx, Nouyòk, ak konte ozalantou yo jiska fevriye 2026.

F È T anba siyati mwen ak So Prive nan Eta a nan Vil Albany nan 12yèm jou nan mwa fevriye nan ane demil vennsis. SOU LÒD GOUVÈNÈ A Sekretè Gouvènè a

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Exec. Order No. 56.8
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifier5609f8ca2216e218a1541959a9e5dfcd268809e1

Source file is stored in the law ingest library (pdf).

Extension of Healthcare Staffing Disaster Emergency (Haitian Creole) | CaseLite