Naming DOL Frances Perkins Building (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 59

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

Naming DOL Frances Perkins Building (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 59

New York Governor Executive Orders

Nimewo D E K R È E G Z E K I T I F DEZINYASYON BATIMAN DEPATMAN TRA V AY ETA NOUYÒK LA KI NAN KANPIS BIWO ETA GOUVÈNÈ W.

A VERELL HARRIMAN LAN KÒM BATIMAN DEPATMAN TRA V AY ETA NOUYÒK FRANCES PERKINS LÈ NOU KONSIDERE, Frances Perkins te dedye lavi li nan fonksyon piblik la, li te defann dwa ak byennèt travayè yo, epi li te kite yon mak ki pap janm efase nan politik travay ni nan Eta Nouyòk ni atravè Etazini; LÈ NOU KONSIDERE, Frances Perkins te sèvi avèk distenksyon kòm premye fanm Komisè Endistriyèl Eta Nouyòk soti rive 1933, pandan peryòd sa a li te aplike refòm inovan ki te amelyore kondisyon travay, salè ak lè travay pou mendèv Nouyòk la; LÈ NOU KONSIDERE, lidèchip eksepsyonèl li ak angajman san fay li anvè jistis sosyal te mennen nan nominasyon istorik li kòm premye Sekretè Travay Etazini, ki te sèvi soti nan rive 1945, kote li te jwe yon wòl enpòtan nan mete an plas New Deal la ak etabli pwogram vital tankou Sekirite Sosyal; LÈ NOU KONSIDERE, li te jwe yon wòl esansyèl nan etablisman asirans chomaj nan Nouyòk, li te bay travayè yo yon sipò vital pandan moman difikilte ekonomik; LÈ NOU KONSIDERE, Frances Perkins te yon defansè san fay pou dwa travayè yo, li te defann refòm travay ki te amelyore estanda sekirite, kondisyon travay ak pwoteksyon pou mendèv la, sa ki te asire tou yon konpansasyon ki jis epi ki te ede diminye nivo povrete; LÈ NOU KONSIDERE, Frances Perkins te kraze baryè pou fanm nan wòl lidèchip, li te sèvi kòm yon modèl pou jenerasyon k ap vini yo nan fanm k ap chèche karyè nan sèvis piblik ak defans travayè yo; LÈ NOU KONSIDERE, antanke Sekretè Travay pandan Gran Depresyon an, li te aplike pwogram ki pa sèlman te bay soulajman imedya men ki te refòme mache travay la tou pou anpeche kriz ekonomik alavni; LÈ NOU KONSIDERE, angajman Frances Perkins anvè sèvis piblik ak jistis sosyal kite yon eritaj dirab nan Eta Nouyòk, ki enspire efò kontinyèl pou amelyore dwa travayè ak ekite sosyal; LÈ NOU KONSIDERE, ane la make komemorasyon fyè Depatman Travay Eta Nouyòk (New York State Department of Labor) la pou 125è anivèsè li a, yon okazyon ki kanpe kòm yon temwayaj pwofon ak vivan sou enpak ki p ap janm efase ak vizyon dirab Frances Perkins; epi LÈ NOU KONSIDERE, 10 avril la make anivèsè nesans Frances Perkins, sa ki fè li patikilyèman apwopriye pou onore kontribisyon pwofon li yo nan travay ak sèvis piblik lè nou dedye yon bilding eta enpòtan nan non li.

KOUNYE A, PA KONSEKAN, MWEN, KATHY HOCHUL, Gouvènè Eta Nouyòk la, konfòmeman ak otorite Konstitisyon an ak lwa Eta Nouyòk yo te konfye mwen, avèk dokiman sa a mwen pwoklame epi mwen bay lòd pou Bilding Depatman Travay Eta Nouyòk la, ki sitiye sou Kanpis Biwo Eta Gouvènè W.

Averell Harriman nan Albany, Nouyòk, apati de kounye a li pral ofisyèlman rele Bilding Frances Perkins Depatman Travay Eta Nouyòk la; epi ANPLIS, mwen bay tout ajans Eta Nouyòk ki konsène yo enstriksyon, tankou Depatman Travay Eta Nouyòk la ak Biwo Sèvis Jeneral (Office of General Services) Eta Nouyòk la, pou yo pran tout aksyon nesesè pou aplike chanjman non sa a. Aksyon sa yo dwe gen ladan yo mete ajou tout sinyalizasyon ofisyèl yo, dosye yo, kat yo, piblikasyon yo, ak platfòm dijital yo pou reflete nouvo non bilding lan.

ANPLIS DE SA, dekrè egzekitif sa a sèvi pou onore eritaj Frances Perkins, li mete aksan sou enpòtans kontribisyon li nan dwa travayè yo ak sèvis piblik nan kontèks politik travay aktyèl yo ak efò kontinyèl pou ankouraje ekite sosyal. F È T anba siyati mwen ak So Prive Eta a nan Vil Albany, nan 10è jou mwa avril nan ane de mil vennsis. SOU LÒD GOUVÈNÈ A Sekretè Gouvènè a

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Exec. Order No. 59
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifier5a0761d0a93b7ebf8ae5f77296dd723c9589d112

Source file is stored in the law ingest library (pdf).

Naming DOL Frances Perkins Building (Haitian Creole) | CaseLite