Prohibiting State Employees from Insider Trading (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 60

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

Prohibiting State Employees from Insider Trading (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 60

New York Governor Executive Orders

1 Nimewo D E K R È E G Z E K I T I F ENTÈDI ANPLWAYE LETA YO FÈ PWOFITE ENFÒMASYON PRIVILEJYE KONSIDERE KE, kenbe konfyans piblik la fonde sou prensip fonksyonè piblik yo ki gen responsablite pou itilize pozisyon yo pou benefisye byen piblik la, okenn desizyon gouvènman an pa ta dwe motive nan reyalize benefis finansye pèsonèl, epi fonksyonè piblik yo pa ta dwe itilize aksè yo genyen ak enfòmasyon gouvènman an pou benefis finansye pèsonèl; KONSIDERE KE, pwopagasyon resan mache prediksyon yo, platfòm kote moun ka fè paryaj ak lajan sou rezilta evènman, ogmante risk pou move konduit, kote moun ki gen enfòmasyon privilejye ka chèche fè pwofi pèsonèl lè yo itilize enfòmasyon privilejye; KONSIDERE KE, mache prediksyon yo ofri opòtinite pou parye efektivman sou tout kalite evènman, ki gen ladan gwo evènman tankou rezilta aktivite militè, rezilta eleksyon, oswa gravite katastwòf natirèl, ansanm ak evènman difisil pou konprann ak manipile tankou parye sou rad ofisyèl piblik yo nan aparisyon, kilè Prezidan Etazini ta pral ensilte yon moun piblikman pwochen fwa, oswa volim piblikasyon yon moun fè sou rezo sosyal; KONSIDERE KE, platfòm sa yo konsidere yo pa sijè a lalwa oswa règleman Eta a, ki gen ladan limit sou kalite evènman yo ka aksepte paryaj, ansanm ak politik Eta a ki fèt pou pwoteje konsomatè kont depandans jwèt aza ak konpòtman predatè, epi pou anpeche aktivite malonèt; KONSIDERE KE, Eta Nouyòk konsidere platfòm sa yo ki pa gen lisans kòm sijè a lalwa ak règleman Eta a, epi lè yo pèmèt itilizatè yo parye lajan sou rezilta evènman nan lavni ki pa sèten epi ki pa anba kontwòl moun k ap parye a, oswa ki depann de chans, mache prediksyon yo konstitye operasyon jwèt aza ilegal; KONSIDERE KE, malgre pwopagasyon opòtinite paryaj konpayi sa yo ap fasilite jodi a, regilatè federal yo jiska prezan pa egzije okenn estanda etik enpòtan ki gen rapò ak konduit sou mache sa yo, tankou pwoteksyon kont komès sou enfòmasyon privilejye, ni yo pa t pran okenn aksyon aplikasyon lalwa enpòtan pou anpeche komès sou enfòmasyon privilejye, men pito yo konsantre sou anpeche Eta yo egzèse otorite siveyans yo sou aktivite jwèt aza k ap fèt sou platfòm sa yo; KONSIDERE KE, dènye rapò nouvèl yo sijere posiblite kote kèk moun ta ka itilize enfòmasyon gouvènman ki pa piblik pou yo fè pwofi san wont sou paryaj ki fèt nan mache prediksyon yo ki gen rapò ak aksyon gouvènman federal la, tankou ka yo rapòte sou paryaj ki gen rapò ak lagè nan Iran ak aksyon militè nan Venezyela; KONSIDERE KE, Eta Nouyòk egzije pi wo nivo entegrite piblik nan men anplwaye sivil li yo, kèlkeswa nenpòt nouvo teknoloji ki ka pote risk pou fasilite konduit ki pa etik, ki soti nan tantativ pou fè pwofi oswa ede lòt moun fè pwofi sou enfòmasyon ki pa piblik konsènan desizyon gouvènman an; KONSIDERE KE, fonksyonè ak anplwaye leta yo sijè a Kòd Etik la, ki kodifye nan Lwa sou Fonksyonè Piblik § 74; 2 KONSIDERE KE, anba Kòd Etik la, okenn fonksyonè oswa anplwaye leta "pa dwe gen okenn enterè, finansye oswa otreman, dirèk oswa endirèk, oswa angaje yo nan okenn biznis oswa tranzaksyon, aktivite pwofesyonèl oswa antrene okenn obligasyon nan okenn nati, ki gen gwo konfli ak bon jan egzekisyon devwa li nan enterè piblik la." Espesyalman, yon moun pa dwe "divilge enfòmasyon konfidansyèl li jwenn nan kad devwa ofisyèl li yo, ni itilize enfòmasyon sa yo pou avanse enterè pèsonèl li." Anplis, yon moun "ta dwe fè efò pou l adopte yon konduit ki pa pral kreye sitiyasyon yo sispèk nan mitan piblik la kote li gen chans pou l angaje l nan aksyon ki vyole konfyans li"; epi KONSIDERE KE, Kòd Etik la pa sèlman abòde konfli enterè reyèl, men tou konpòtman ki ka kreye aparans yon konfli enterè; KOUNYE A, AN KONSEKANS, MWEN MENM, Kathy Hochul, Gouvènè Eta Nouyòk, konfòmeman ak otorite Konstitisyon ak lwa Eta Nouyòk te konfye mwen, bay lòd sa yo: Okenn ofisye oswa anplwaye nan yon ajans leta ki sèvi selon volonte Gouvènè a oswa otorite ki nonmen li a, ni okenn manm nan yon otorite piblik Gouvènè a nonmen, pa dwe itilize okenn enfòmasyon ki pa piblik li jwenn nan kad devwa ofisyèl li yo pou chèche fè pwofi oswa evite pèt atravè patisipasyon nan yon mache prediksyon oswa sèvis ki sanble, ni pou ede okenn lòt moun chèche fè pwofi oswa evite pèt atravè patisipasyon nan yon mache prediksyon oswa sèvis ki sanble.

Nenpòt vyolasyon dekrè sa a ka lakòz revokasyon oswa lòt sanksyon apwopriye jan otorite ki nonmen moun ki komèt vyolasyon sa a detèmine li, epi yo ka refere li bay lapolis, Komisyon sou Etik ak Lobi nan Gouvènman an, oswa lòt otorite jan sa apwopriye. Chak otorite piblik dwe adopte politik oswa règleman ki aplike restriksyon ki endike pi wo yo sou tout ofisye ak anplwaye ki sèvi selon volonte otorite ki nonmen yo.

Pou rezon dekrè sa a: (1) "ajans leta" vle di nenpòt ajans leta, depatman, biwo, konsèy, komisyon oswa nenpòt lòt enstriman leta a, eksepte yon otorite piblik; (2) "otorite piblik" vle di yon otorite piblik oswa yon kòporasyon pou benefis piblik ki kreye oswa ki egziste anba nenpòt lwa leta, kote Gouvèvènè a nonmen omwen youn nan manm li yo (ki enkli nenpòt filyal otorite piblik oswa kòporasyon pou benefis piblik sa a), eksepte yon otorite entè-eta oswa entènasyonal oswa yon kòporasyon pou benefis piblik; epi (3) "mache prediksyon" vle di yon platfòm oswa sèvis ki negosye ki fonksyone kòm yon mache echanj epi ki pa gen lisans oswa pèmi Komisyon Jwèt Eta Nouyòk, ke patisipan yo itilize pou achte ak vann kontra ki depann de evènman alavni, tankou eleksyon, evènman espòtif, aksyon oswa diskou moun ak endikatè ekonomik.

Yon platfòm oswa yon sèvis pa pral konsidere kòm yon "mache prediksyon" sèlman paske platfòm nan oswa sèvis la itilize pou negosye kontra fiti oswa opsyon pou achte, vann tit finansye, komodite, oswa lòt byen ak sèvis. F È T anba siyati mwen ak So Prive Eta a nan Vil Albany, nan 22yèm jou mwa avril nan ane de mil vennsis. SOU LÒD GOUVÈNÈ A Sekretè Gouvènè a

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Exec. Order No. 60
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifier86d974f49ee83c6db3ec2c0395a2d450d5dfc968

Source file is stored in the law ingest library (pdf).

Prohibiting State Employees from Insider Trading (Haitian Creole) | CaseLite