Inflation Relief (Haitian Creole)

N.Y. Gov. Press Rel. 2025-05-14

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

Inflation Relief (Haitian Creole)

N.Y. Gov. Press Rel. 2025-05-14

New York Governor Executive Orders

Pou Piblikasyon Imedya: 14/05/2025 GOUVÈNÈ KATHY HOCHUL GOUVÈNÈ HOCHUL ANONSE CHÈK REMBOUSMAN ENFLASYON JISKA 400 DOLA KI PRAL VINI OTÒN SA A POU 8.2 MILYON FWAYE NAN ETA NOUYÒK LA Yo pral voye premye chèk ranbousman enflasyon Nouyòk la pa lapòs bay Nouyòkè ki kalifye yo an oktòb ak novanm; ou pa bezwen aplike oswa enskri Kontinye angajman Gouvènè a pou mete plis lajan nan pòch Nouyòkè yo Gouvènè a diminye taks pou klas mwayèn nan, ogmante kredi taks pou timoun epi garanti manje gratis nan lekòl pou tout moun nan yon akò sou bidjè eta a Vizite ny.gov/inflationrefund pou plis enfòmasyon Gouvènè Kathy Hochul te anonse jodi a ke yo pral voye chèk ranbousman enflasyon jiska 400 dola otòn sa a bay 8.2 milyon kay atravè Eta Nouyòk.

Y ap voye chèk yo dirèkteman bay Nouyòkè ki kalifye yo apati mwa oktòb epi y ap kontinye jiska novanm. Pa gen okenn nesesite pou aplike, enskri oswa fè anyen pou resevwa yon chèk. Gouvènè Hochul te garanti epi mete an vigè inisyativ sa a nan Bidjè Eta a pou ane fiskal 2026 la kòm yon pati nan angajman kontinyèl li pou mete lajan nan pòch Nouyòkè yo.

Bidjè Eta a te adopte tou inisyativ Gouvènè a pou diminye taks pou klas mwayèn lan nan nivo ki pi ba yo nan 70 ane, ogmante Kredi Taks pou Timoun Nouyòk la jiska 1,000 dola pa timoun, epi asire repa lekòl gratis inivèsèl pou fanmi yo ekonomize anviwon 1,600 dola pou chak timoun. "Apati mwa oktòb la, plis pase 8 milyon Nouyòkè pral resevwa yon ranbousman enflasyon paske li senp — se lajan pa ou epi n ap remete l nan pòch ou", Gouvènè Hochul te deklare.

"Mwen p ap janm sispann goumen pou ede fanmi ou fè fas ak ogmantasyon kou lavi a — epi se poutèt sa mwen te kenbe pwomès mwen pou m diminye taks pou klas mwayèn nan, ogmante kredi taks pou timoun nan epi asire manje gratis nan lekòl pou chak elèv." Lidè Majorite Sena a, Andrea Stewart-Cousins, te deklare, "Yon bidjè se yon deklarasyon sou valè ak priyorite. Pandan Washington ap defann rediksyon taks pou moun ki rich depase yo ak mega-kòporasyon yo nan detriman plizyè milyon Ameriken k ap travay, nou menm nan Nouyòk nou kontinye defann byennèt klas mwayèn nan.

Majorite Demokratik nan Sena a te travay avèk Gouvènè Hochul ak Asanble a pou prezante yon bidjè ki envesti nan moun epi ki adrese defi Nouyòkè yo ap fè fas. Avèk bidjè sa a ki pase a, ki gen ladan chèk rabè sou enflasyon, nou priyorize fanmi ak moun k ap travay nan eta nou an, sa ki remete lajan nan pòch plizyè milyon Nouyòkè." Prezidan Asanble a Carl Heastie te deklare, "Chèk sa yo pral remete lajan nan pòch Nouyòkè yo, sa ki pral pèmèt yo ekonomize oswa depanse nan yon fason ki fè sans pou yo.

Anons sa a se yon lòt pa annavan nan misyon Majorite Asanble a pou fè lavi chak jou pou fanmi k ap travay di yo vin pi fasil epi n ap kontinye goumen pou yon avni kote okenn fanmi k ap travay di pa bezwen enkyete pou mete manje sou tab yo oswa pou kenbe yon twati anlè tèt yo." Prezidan Minisipalite Queens, Donovan Richards Jr., te deklare, "Pou fanmi ki isit la nan vil Nouyòk ak nan tout Eta Nouyòk k ap viv nan gwo pwoblèm povrete a, li pa t ka pi enpòtan pou yo gen yon ti lajan kach anplis pou ede yo kenbe yon twati sou tèt yo ak manje sou tab yo, sitou nan yon ekonomi ke Donald Trump plonje nan kawo ak tarif li yo.

Queens apresye lidèchip Gouvènè Hochul, ansanm ak Lejislati eta a, nan rann chèk ranbousman enflasyon sa yo posib, epi biwo mwen an ap kontinye yon patnè fyè ansanm ak lidè eta nou yo pou fè awondisman nou an vin yon kote ki pi abòdab pou moun rele lakay yo." Prezidan Minisipalite Bronx, Vanessa L. Gibson, te deklare, "Mwen vle remèsye Gouvènè Kathy Hochul pou angajman kontinyèl li pou soulaje fado finansye Nouyòkè yo ap fè fas. Chèk ranbousman enflasyon yo pral bay sipò ki nesesè anpil pou plizyè milyon kay atravè eta nou an, kote anpil fanmi ap lite pou yo debwouye yo nan mitan ogmantasyon depans yo.

Inisyativ sa a se yon egzanp klè ak sa yon lidèchip ki reponn byen vit e ki santre sou moun sanble, epi mwen felisite Gouvènè a paske li remete lajan nan pòch moun ki pi bezwen l yo." Manm Konsèy Vil Nouyòk la, Carmen De La Rosa, te deklare, "Mwen felisite Gouvènè Hochul ak Lejislati Eta a paske yo te priyorize a amelyorasyon transpò piblik ki finanse nèt nan bidjè ane fiskal 2026 la. Pou Nò Manhattan, sa vle di estasyon ki pi aksesib, enfrastrikti ki pi pwòp, ak bon travay sendika pou kominote nou yo.

Fas a atak kontinyèl administrasyon Trump la sou aksyon klima ak transpò piblik, kalite lidèchip sa a pi enpòtan pase tout tan. Envestisman sa yo enpòtan anpil pou konstwi yon sistèm transpò ki pi ekitab, dirab, ak enklizif pou tout Nouyòkè yo." Chris Banks, yon manm Konsèy Minisipal Vil Nouyòk, te deklare, "Nouyòkè yo ap soufri anba men enflasyon an depi twò lontan. Enflasyon an fè pri yo monte odela nivo lavi ki akseptab pou anpil kominote ki gen ti revni. Mwen sipòte Gouvènè Hochul, nan desizyon pou remete lajan nan pòch kontribyab yo.

Chèk sa yo ka fè diferans ant yon fanmi ki vle manje oswa ki vle peye lwaye. Li lè pou nou remèt Nouyòkè ki travay di yo lajan yo, epi kite yo depanse l jan yo vle." Manm Konsèy Vil Nouyòk la, Simcha Felder, te deklare, "Plis lajan nan pòch moun se toujou yon bon bagay!" Enflasyon an ogmante pri nesesite chak jou yo, epi kòm rezilta, revni Eta a ki soti nan koleksyon taks sou lavant yo ogmante tou.Gouvènè Hochul kwè lajan an se pou fanmi ki travay di nan Nouyòk e yo ta dwe remete l nan pòch yo kòm yon ranbousman enflasyon — e se poutèt sa 8.2 milyon kay nan tout eta a pral resevwa yon chèk otòn sa a.

Apati jodi a, moun Nouyòk yo ka vizite ny.gov/inflationrefund pou plis enfòmasyon sou kalifikasyon ak lòt detay. Ki moun ki kalifye pou yon chèk ranbousman enflasyon? Ou kalifye pou yon chèk ranbousman enflasyon si, pou ane fiskal 2023 la, ou: • Te ranpli Fòmilè IT-201, Deklarasyon Taks sou Revni Rezidan Eta Nouyòk la; • Revni rapòte ki nan limit kalifikasyon ki anba yo; epi • Yo pa t deklare w kòm yon moun ki sou kont ou sou deklarasyon yon lòt kontribyab. Moun ki deklare taks ansanm ak yon revni jiska 150,000 dola ap resevwa yon chèk 400 dola.

Moun ki deklare taks ansanm epi ki gen yon revni plis pase 150,000 dola men ki pa depase 300,000 dola ap resevwa yon chèk 300 dola. Moun ki selibatè k ap deklare taks epi ki gen yon revni jiska 75,000 dola ap resevwa yon chèk 200 dola. Moun ki deklare taks ansanm epi ki gen yon revni plis pase 75,000 dola men ki pa depase 150,000 dola ap resevwa yon chèk 150 dola. Pa gen okenn restriksyon laj. Moun ki deklare taks yo pa bezwen fè anyen pou resevwa yon chèk ranbousman enflasyon.

Si ou te ranpli yon deklarasyon taks, ke ou anba sèy revni, epi pèsonn pa te deklare ou kòm yon moun ki depandan, ou pral resevwa yon chèk. Kilè y ap delivre chèk yo? Y ap voye chèk yo pa lapòs toupatou nan eta a apati mwa oktòb, epi livrezon yo ap kontinye jiska novanm. Chèk ou a ka rive pi bonè oswa pi ta pase pa vwazen ou yo, paske chèk pa lapòs la p ap baze sou kòd postal oswa rejyon. Ou ka jwenn plis enfòmasyon nan men Depatman Taks Eta Nouyòk la sou ny.gov/inflationrefund. Repatisyon pa rejyon Yo pral voye chèk ranbousman enflasyon otòn sa a bay 8.2 milyon kay nan tout kwen Eta Nouyòk.

Ou ka wè yon detay sou kantite chèk ki ale nan chak rejyon anba a. Rejyon Kantite benefisyè New York City 3.53 milyon Long Island 1.25 milyon Mid-Hudson 924,000 Western New York 585,000 Finger Lakes 513,000 Capital Region 475,000 Central New York 321,000 Southern Tier 251,000 Mohawk Valley 198,000 North Country 156,000 TOTAL 8.2 milyon dola ### Lòt nouvèl disponib sou sit www.governor.ny.gov Eta Nouyòk | Chanm Egzekitif | press.office@exec.ny.gov | 518.474.8418 Enskri pou w jwenn mizajou Biwo Gouvènè a: ny.gov/signup | Voye tèks NEW YORK bay 81336 ANILE ENSKRIPSYON OU

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Gov. Press Rel. 2025-05-14
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifier8e8858d6aa9ba9072f5b974109ce1ffbb5024db1

Source file is stored in the law ingest library (pdf).

Inflation Relief (Haitian Creole) | CaseLite