Aashto (Haitian Creole)

N.Y. Gov. Press Rel. 2026-07-27

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

Aashto (Haitian Creole)

N.Y. Gov. Press Rel. 2026-07-27

New York Governor Executive Orders

Pou Piblikasyon Imedya: 27/07/2026 GOUVÈNÈ KATHY HOCHUL GOUVÈNÈ HOCHUL ANONSE YON KANPAY KOWÒDONE SOU SANSIBILIZASYON PIBLIK LA AK APLIKASYON LALWA POU ANPECHE KOLIZYON AK PON YO ATRAVÈ NOUYÒK Kanpay "Tcheke Wotè Ou, Asire W li Kòrèk" Depatman Transpò Eta Nouyòk la!" 26 Eta plis Washington, D.C. adopte kanpay la pou edike piblik la sou enpòtans pou anpeche kolizyon ak pon yo Kanpay pou fè respekte lalwa ak pou sansibilizasyon piblik la ap dewoule apati lendi 27 jiyè pou rive vandredi 31 jiyè Gouvènè Kathy Hochul te anonse jodi a yon kanpay kowòdone sansibilizasyon piblik la ak aplikasyon lalwa k ap pran plis dimansyon pou anpeche kolizyon ant veyikil komèsyal ak gwo kamyon ak pon Eta Nouyòk yo.

Nan mwa novanm 2023, Depatman Transpò (Department of Transportation, NYSDOT) Eta a te lanse "Tcheke Wotè Ou, Asire W li Kòrèk!" (Check Your Height, Know It’s Right), ki se yon kanpay sou rezo sosyal ak yon kanpay videyo pou edike piblik la sou enpòtans pou anpeche kolizyon ak pon yo. Depi lè sa a, Depatman an te travay ansanm ak Kowalisyon Transpò nan Lès la (The Eastern Transportation Coalition, TETC) ak Asosyasyon Ameriken pou Ofisyèl Otowout ak Transpò Eta a (American Association of State Highway and Transportation Officials, AASHTO) pou ankouraje lòt eta yo adopte kanpay la.

Jiska prezan, 26 eta, tankou Nouyòk, plis Washington, D.C., deja rejwenn kanpay sa a, konpare ak 16 eta ane pase.Kanpay ane sa a ap dewoule apati lendi 27 jiyè pou rive vandredi 31 jiyè epi li gen pou objektif edike chofè yo sou responsablite yo nan anpeche aksidan sou pon yo. Anplis de sa, yo raple chofè yo ke nan mwa fevriye, Nouyòk te pran yon gwo mezi pou diminye aksidan sou pon yo lè li te mete an plas yon sanksyon ki gen 8 pwen pou moun ki frape yon pon. "Kolizyon sou pon yo ka evite 100 pousan, epi tout moun jwe yon wòl enpòtan nan anpeche kolizyon sa yo rive", Gouvènè Hochul te deklare.

"Li mande konbinezon edikasyon, aplikasyon lalwa, ak sansibilizasyon piblik pou anpeche aksidan sou pon yo rive, kidonk mwen ankouraje tout moun k ap itilize yon machin ki twò wo pou 'Tcheke Wotè Ou, Asire W Li Kòrèk!' anvan ou pran wout la epi, si w ap kondui yon kamyon, asire w ke w ap itilize GPS komèsyal." Chofè kamyon yo ta dwe itilize aparèy ak aplikasyon GPS komèsyal pou navige sou wout Nouyòk yo, piske aplikasyon GPS ak katografi telefòn selilè pou konsomatè yo pa nesesèman pran pon ak pasaj ki ba an konsiderasyon lè y ap kalkile direksyon vwayaj yo.

Sitwèb Eta Nouyòk 511NY la gen ladan l "Mòd Chofè Kamyon", ki idantifye kote ki gen pon ki gen restriksyon sou wotè ak pwa epi ki mete aksan sou wout ki gen restriksyon, tankou wout pitorèsk yo, epi yo ankouraje tout operatè machin komèsyal yo pou yo itilize "Mòd Chofè Kamyon" pou verifye wout yo davans. Anplis de sa, lè chofè yo ap kondui kamyon lokasyon, tankou kamyon demenajman, yo dwe espesyalman okouran de wotè machin yo epi obeyi tout siy avètisman yo paske anpil chofè pa abitye kondui yon machin ki pi gwo.

Komisè Depatman Transpò Eta Nouyòk, Marie Therese Dominguez, te deklare, "Gouvènè Hochul konsantre nèt sou sekirite piblik la epi priyorite nimewo en Depatman Transpò Eta Nouyòk la se sekirite piblik k ap vwayaje a – sa gen ladan fè tout sa nou kapab pou anpeche kolizyon ak pon atravè Empire State la. Depatman Transpò ak biwo sekirite otowout nan tout peyi a te adopte kanpay sekirite senti sekirite a, "Atache l oswa Pran Kontravansyon" (Click It or Ticket) nan mesaj yo, e mesaj sa a te gen anpil enpak sou piblik k ap vwayaje a pandan plizyè ane.

Kanpay "Tcheke Wotè Ou, Asire W li Kòrèk" la ap miltipliye nan tout peyi a epi li kontinye pran anplè ak eta soti nan Maine rive nan Hawaii k ap rejwenn efò a epi nou espere ke byento kanpay sa a, ki te soti nan Nouyòk, pral adopte nan tout peyi a." An 2025, yo te rapòte 310 kolizyon ak pon nan Eta Nouyòk, ki te rive souvan lè chofè veyikil komèsyal ak gwo kamyon yo pa konnen oswa rekonèt wotè veyikil yo oswa inyore pano avètisman yo. Se responsablite chofè a pou l konnen wotè machin li, respekte restriksyon ak limitasyon wout yo, epi pou l suiv siy avètisman ki endike kote ki gen pon ki ba.

Nan kad kanpay semèn sa a, Ofisye Lapolis Eta yo pral konsantre patwouy aktif yo nan zòn kle nan eta a kote yo te dokimante gwo veyikil komèsyal yo te fè kolizyon ak pon yo. Pano pou Mesaj Varyab (Variable Message Signs) toupatou nan eta a pral montre mesaj "Tcheke Wotè Ou, Asire W li Kòrèk" pandan tout kanpay la. Kolizyon ak pon sa yo gen plis chans pou yo rive sou wout ki gen pon wout ray ki ba yo, ak sitou sou wout pitorèsk Eta Nouyòk yo nan pati enferyè Hudson Valley, Vil Nouyòk ak Long Island. Sistèm wout pitorèsk Eta Nouyòk la gen plizyè pon ak wòch ki pa gen anpil wotè ki pa ka akomode trafik komèsyal.

Pou rezon sa a, yo entèdi kamyon komèsyal yo kondui sou wout yo. Malgre NYSDOT enspekte tout kolizyon pon yo rapòte san pèdi tan pou asire entegrite estriktirèl la, kolizyon sa yo lakòz gwo domaj nan machin nan epi yo ka mennen nan kolizyon segondè akòz anbouteyaj inatandi ak reparasyon ijans ki vin fèt apre sa. Sekirite piblik la ak tout moun k ap travay sou dwa pasaj la gen yon enpòtans kapital, epi aksidan sou pon mete premye sekouris yo ak pèsonèl ijans yo an danje lè y ap reponn a ensidan sa yo ki te ka evite.

Kanpay Tcheke Wotè Ou, Asire W li Kòrèk! la se yon pa nan direksyon pou ankouraje sekirite atravè sansibilize moun sou pwoblèm kolizyon sou pon yo epi li mete aksan sou wòl enpòtan chofè yo jwe. Jiska prezan, eta sa yo (plis Washington, D.

C) te adopte kanpay "Tcheke Wotè Ou, Asire W li Kòrèk!" la: Sirentandan Lapolis Eta Nouyòk la, Steven G. James, te deklare, "Nou fyè dèske nou fè patenarya avèk kòlèg ajans eta a nou yo pou diminye kolizyon ak pon atravè Nouyòk. Ensidan sa yo poze yon gwo risk pou sekirite chofè kamyon yo ak piblik k ap vwayaje a, yo ka lakòz blesi grav, lakòz gwo domaj nan enfrastrikti enpòtan yo epi mennen nan reparasyon ki koute chè ak entèripsyon trafik ki dire lontan.

Inisyativ kowòdone pou fè respekte lalwa ak edikasyon piblik tankou sa a jwe yon wòl vital nan ogmante konsyantizasyon, ankouraje konfòmite epi amelyore sekirite wout yo.

Mwen remèsye Komite Sekirite Sikilasyon Gouvènè (Governor’s Traffic Safety Committee, GTSC) a ak Depatman Transpò a pou patenarya kontinyèl yo ak angajman pataje yo pou edike operatè machin komèsyal yo sou fason pou yo navige san danje sou wout ak pon Nouyòk yo." Komisè par entèrim Depatman Veyikil ak Motè (Department of Motor Vehicles, DMV) Eta Nouyòk la, Christian Jackstadt, te deklare, "Sa a se yon mesaj ki enpòtan anpil pandan plis machin komèsyal vwayaje sou wout Nouyòk yo pou delivre machandiz epi kenbe ekonomi nou an mouvman.

DMV te aplike chanjman regilasyon yo pi bonè ane sa a pou rann penalite yo sevè pou aksidan sou pon ak lòt sanksyon Lwa sou Veyikil ak Sikilasyon (Vehicle & Traffic Law) an epi pou ede kenbe chofè danjere ak ensousyan yo deyò wout la.

Nou kontan kolabore avèk DOT ansanm ak lòt patnè sekirite trafik nou yo pou raple chofè komèsyal yo pou yo konnen limit machin yo epi ke li pran sèlman kèk minit pou "Tcheke Wotè Ou, Asire W li Kòrèk" pou anpeche domaj enpòtan sou pon, machin ak lòt chofè yo." Direktè Egzekitif Otorite Pon Eta Nouyòk (New York State Bridge Authority), Doktè Minosca Alcantara, te deklare, "Otorite Pon an rejwenn Gouvènè a, Depatman Transpò a, ak patnè nou yo atravè eta a pou ankouraje operatè machin komèsyal yo pou yo konnen wotè machin yo anvan yo pran wout la.

Menm jan pou machandiz ki gen gwo dimansyon yo bezwen yon bon planifikasyon pou yo ka transpòte yo an sekirite, se konsa tou chofè machin komèsyal ki pi wo pase nòm yo dwe planifye wout yo pou yo ka evite pon ak vyadik ki ba yo. Pran kèk moman pou planifye davans ede pwoteje enfrastrikti transpò eta nou an, amelyore sekirite wout yo epi asire yon vwayaj pi fasil pou tout moun ki pataje wout la." Direktè Egzekitif Otorite Thruway la, Frank G. Hoare, te deklare, "Kòlizyon sou pon sou Thruway la se yon pwoblèm sekirite—epi yo ka anpeche li nèt.

Lalwa a egzije pou chofè yo konnen wotè machin yo epi swiv règ wout yo, epi chofè kamyon komèsyal yo ta dwe vijilan lè y ap planifye wout pou diminye aksidan sou pon yo.

Otorite Thruway la pran pwoblèm sa a oserye epi nou remèsye Gouvènè Hochul, patnè transpò nou yo ak Lapolis Eta Nouyòk paske yo te sansibilize moun yo ak kanpay sa a epi yo te pran mezi pou asire sekirite wout nou yo." Vis Prezidan Zafè Gouvènmantal Trucking Association of New York, Zach Miller, te deklare, "Chofè kamyon pwofesyonèl yo pami chofè ki pi an sekirite sou wout nou yo, epi sekirite kòmanse byen lontan anvan yon machin moute sou wout la.

Konnen wotè machin ou an, planifye yon wout ki an sekirite, epi itilize zouti navigasyon komèsyal se etap senp men esansyèl pou anpeche kolizyon ak pon epi pwoteje tout itilizatè wout yo ak enfrastrikti kritik yo.

Asosyasyon Transpò pa Kamyon Nouyòk la (Trucking Association of New York, TANY) ak manm nou yo fyè pou sipòte inisyativ tankou "Tcheke Wotè Ou, Asire W li Kòrèk!" ki ankouraje konsyantizasyon, responsablite pèsonèl, ak yon kilti sekirite nan tout endistri transpò pa kamyon an." Enfòmasyon sou Depatman Transpò Se misyon Depatman Transpò Eta Nouyòk pou founi yon sistèm transpò ki an sekirite, fyab, ekitab, ak rezistan ki konekte kominote yo, amelyore kalite lavi, pwoteje anviwònman an, epi sipòte byennèt ekonomik Eta Nouyòk. Lavi yo andanje; ralanti epi mete nou sou kote pou travayè otowout yo!

Pou plis enfòmasyon, jwenn nou sou Facebook, swiv nou sou X oswa Instagram, oswa vizite sitwèb nou an. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou sikilasyon yo, rele 511, vizite www.511NY.org oswa telechaje aplikasyon mobil gratis 511NY la. ### Lòt nouvèl disponib sou sit www.governor.ny.gov Eta Nouyòk | Chanm Egzekitif | press.office@exec.ny.gov | 518.474.8418 Enskri pou w jwenn mizajou Biwo Gouvènè a: ny.gov/signup | Voye tèks NEW YORK bay 81336 ANILE ENSKRIPSYON OU Pou dezabòne nan gwoup sa a epi sispann resevwa imèl ki soti ladan, voye yon imèl bay press.release+unsubscribe@exec.ny.gov.

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Gov. Press Rel. 2026-07-27
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifier978e54a84100491f44be26875e4ce3686ec7e22c

Source file is stored in the law ingest library (pdf).

Aashto (Haitian Creole) | CaseLite