Declaring a Disaster Emergency (Extreme Weather) (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 57

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

Declaring a Disaster Emergency (Extreme Weather) (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 57

New York Governor Executive Orders

Nimewo D E K R È E G Z E K I T I F DEKLARASYON IJANS POUTÈT KATASTWÒF NAN TOUT ETA NOUYÒK KONSIDERE KE, nan janvye ak apresa, yo prevwa tanperati ekstrèm ak yon tanpèt ivè pral lakòz kondisyon danjere ki poze yon danje iminan pou transpò piblik, sèvis piblik, sante piblik, ak sistèm sekirite piblik nan tout Eta a; KONSIDERE KE, yo prevwa sistèm tanpèt sa a pral pwodui tanperati frèt, van ki frèt anpil, gwo nèj, gwo van, ak nèj k ap soufle epi ki ka anpile ki ka lakòz fèmen wout, entèripsyon vwayaj, blakawout toupatou, ak domaj sou pwopriyete piblik ak prive, sa ki poze yon menas pou sante ak sekirite piblik; KOUNYE A, KIDONK, MWEN, KATHY HOCHUL, Gouvènè Eta Nouyòk, avèk otorite Konstitisyon Eta Nouyòk ak Seksyon nan Atik 2 -B nan Lwa Egzekitif la (Executive Law) ban mwen, konstate avèk dokiman sa a gen yon katastwòf pandye kote gouvènman lokal ki touche yo pa kapab entèveni kòmsadwa.

An konsekans, mwen, avèk dokiman sa a, ap deklare yon Eta Ijans nan Ka Katastwòf, ki antre an vigè nan dat janvye pou tout Eta Nouyòk.

Dekrè Egzekitif sa a ap rete an vigè jiska dat fevriye 2026; epi ANPLIS DE SA, konfòmeman ak Seksyon nan Atik 2-B Lwa Egzekitif la, mwen mande egzekisyon Plan Global Eta a pou Jesyon Ijans (State Comprehensive Emergency Management Plan) ak otorize, anvigè apati janvye 2026, ajans yo nan Eta a jan sa nesesè, ak Kwa Wouj Amerikè n, pou yo pran mezi apwopriye pou pwoteje pwopriyete Eta a epi pou ede gouvènman lokal ak moun ki touche yo nan entèvni kont katastwòf sa a epi nan refè anba li, epi pou ofri lòt èd ki nesesè pou pwoteje sante ak sekirite piblik; ANPLIS DE SA, deklarasyon sa a satisfè kondisyon nan Kòd Règleman Federal yo (Code of Federal Regulations, CFR) 390.23(b), ki bay sekou nan atik CFR 395.2 ak 395.5.

Sekou sa yo nan règleman federal sou lè sèvis transpòtè woutye yo nesesè pou kapab akselere deplwaman ekip k ap remete sèvis kouran yo nan Eta Nouyòk; ANPLIS DE SA, avèk otorite mwen genyen dapre Seksyon 29 -a Atik 2-B Lwa Egzekitif la pou sispann oswa chanje pwovizwaman nenpòt lwa jeneral, lwa lokal, òdonans, dekrè, règ oswa règleman, oswa pati ladan yo, si respè lwa jeneral, lwa lokal, òdonans, dekrè, règ oswa règle man sa yo ta anpeche, jennen oswa retade mezi ki nesesè pou fè fas a katastwòf la, oswa si sa nesesè pou bay asistans oswa èd pou fè fas a katastwòf sa a, avèk dokiman sa a, mwen sispann oswa chanje pwovizwaman, pou peryòd ant dat Dekrè Egzeki tif sa a antre an vigè a jis nan dat fevriye 2026, lwa ki annapre yo: ● Seksyon 97-G nan Lwa sou Finans Eta a (State Finance Law), nan mezi sa nesesè pou achte manje, materyèl, sèvis, ak ekipman oswa founi oswa bay diferan sèvis santralize pou ede gouvènman lokal, moun, ansanm avèk lòt antite ki pa fè pati Eta a ki viktim yo nan kad efò pou reyaji a ijans poutèt katastwòf la epi refè anba li; ● Atik 5-A Lwa Minisipal Jeneral la, nan mezi sa nesesè pou achte pwodui, sèvis, sa gen ladan konstriksyon ak ekipman san yo pa swiv avi ak pwosesis acha nòmal yo; ● Seksyon nan Lwa sou Finans Eta a, nan mezi li annakò avèk Atik V, Seksyon I nan Konstitisyon Eta a, epi nan mezi sa nesesè pou ajoute plis travay, chantye ak tan nan kontra Eta a; ● Seksyon nan lwa sou Finans Eta a ak Atik 4-C nan Lwa sou Devlopman Ekonomik (Economic Development Law) la, nan mezi sa nesesè pou achte pwodui, sèvis, teknoloji, ak materyèl ki nesesè yo, san yo pa swiv avi ak pwosesis acha nòmal yo; ● Seksyon Lwa sou Bilding Piblik la (Public Buildings Law) ak Atik 4-C Lwa Devlopman Ekonomik, nan limit ki nesesè pou otorize prim kontra ijans ki depase yon milyon senksan mil dola; ● Seksyon 38(1), (2) ak (3) nan Lwa sou Otowout la (Highway Law) nan mezi nesesè pou otorize atribisyon kontra ijans; epi ● Seksyon 375, 385 ak Lwa sou Veyikil ak Sikilasyon (Vehicle and Traffic Law) an, nan mezi egzansyon nan egzijans anrejistreman veyikil, ekipman ak dimansyon, pou veyikil ki gen anrejistreman valid nan lòt jiridiksyon, nesesè pou ede nan efò preparasyon ak entèvansyon pou ijans lan; ANPLIS DE SA, mwen avèk dokiman sa a modifye tanporèman, pou peryòd apati de dat Dekrè Egzekitif sa a jiska fevriye 2026, lwa ki annapre yo: Seksyon nan Lwa Egzekitif; Seksyon ak nan Lwa sou Otowout; Seksyon 1602, 1630, 1640, 1650, ak nan Lwa sou Trafik ak Veyikil (Vehicle and Traffic Law); Seksyon 14(16) nan Lwa sou Transpòtasyon (Transportation Law); Seksyon 6-602 ak 17-1706 nan Lwa sou Vilaj (Village Law); Seksyon 20(32) nan Lwa Jeneral sou Vil la (General City Law); Seksyon nan Lwa sou Dezyèm Klas Vil yo (Second Class Cities Law); ak Seksyon 107.1 nan Tit nan Kòd Nouyòk, Règ ak Règleman (New York Codes, Rules and Regulations, NYCRR) nan limit ki nesesè pou bay Gouvènè a otorite pou règlemante trafik ak mouvman veyikil sou wout yo, otowout, ak ri yo.

ANPLIS, mwen sispann epi modifye tanporèman seksyon 8 -600 ak 17 -210 nan Lwa Eleksyon an, nan limit ki nesesè, pou pèmèt Komisyon Eleksyon Vil Nouyòk la sispann vòt preliminè nan Vil Nouyòk pou tout Eleksyon Espesyal yo, nan dat ak janvye 2026, pou vòt sa yo rekòmanse nan jou apre a, epi (

i) pwolonje lè vòt preliminè yo jan sa posib pou pi piti nan vandredi, samdi ak dimanch k ap vini an, epi (ii) kominike opsyon pou vote konsènan Eleksyon Spesyal sa yo bay votè yo atravè sit entènèt Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la , medya sosyal, ak deklarasyon pou laprès. F È T anba siyati mwen ak So Prive Eta a nan Vil Albany, nan 23yèm jou mwa janvye nan ane de mil vennsis. SOU LÒD GOUVÈNÈ A Sekretè Gouvènè a

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Exec. Order No. 57
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifierb7c7b7f82dba01dec32c8b8110e140f53c19ce61

Source file is stored in the law ingest library (pdf).