Extension of Healthcare Staffing Disaster Emergency (Haitian Creole)
N.Y. Exec. Order No. 56.10
New York Governor Executive Orders
Nimewo 56.10 D E K R È E G Z E K I T I F PWOLONJE DEKLARASYON IJANS POUTÈT KATASTWÒF NAN KONTE NOUYÒK AKOZ MANK ANPLWAYE NAN SWEN SANTE NAN ETA NOUYÒK KONSIDERE KE, yon grèv pèsonèl enfimyè te lakòz plizyè lopital nan Eta a ap fè fas ak gwo mank pèsonèl, sa ki afekte disponiblite ak fason yo bay swen, menase sante ak sekirite piblik, ansanm ak kapasite pou bay swen esansyèl, tankou popilasyon vilnerab yo, nan yon moman kote viris respiratwa yo toujou gaye anpil; KONSIDERE KE, pou pwoteje sante ak sekirite piblik la, nan dat janvye 2026, mwen te pibliye Dekrè Egzekitif Nimewo ki deklare yon Ijans poutèt Katastwòf nan Eta a nan konte Bronx, Nassau, Nouyòk, ak konte ozalantou yo; KONSIDERE KE, tèm, kondisyon, ak sispansyon ki nan Dekrè Egzekitif la se yon mezi tanporè pou garanti kontinuite swen yo ak sekirite pasyan yo; KONSIDERE KE, pati yo fèk rive jwenn yon akò atravè negosyasyon kolektif nan lopital ki rete nan konte Nouyòk ki te afekte yo; KONSIDERE KE, lopital ki afekte yo ap nan pwosesis pou retounen nan operasyon nòmal; epi KOUNYE A, AN KONSEKANS, MWEN, KATHY HOCHUL, Gouvènè Eta Nouyòk la, konfòmeman ak otorite Konstitisyon ak Seksyon Atik 2-B Lwa Egzekitif la te konfye mwen, avèk dokiman sa a, mwen konstate ke gen yon bezwen kontinyèl pou yon lòd ijans pou katastwòf nan Konte Nouyòk epi mwen pwolonje Eta Ijans poutèt Katastwòf la jan sa deklare nan Dekrè Egzekitif Nimewo la epi kontinye tèm, kondisyon, ak sispansyon ki nan Dekrè Egzekitif Nimewo jan yo aplike nan Konte Nouyòk jiska fevriye 2026.
F È T anba siyati mwen ak So Prive Eta a nan Vil Albany nan nan 24yèm jou mwa fevriye nan ane de mil vennsis. SOU LÒD GOUVÈNÈ A Sekretè Gouvènè a