Data Center Moratorium (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 62

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

Data Center Moratorium (Haitian Creole)

N.Y. Exec. Order No. 62

New York Governor Executive Orders

Nimewo 62 D E K R È E G Z E K I T I F ETABLI YON MORATWA TANPORÈ SOU SANT DONE YO NAN NOUYÒK PANDAN ETA A AP DEVLOPE ESTANDAN KI PI WO POU DEVLOPMAN SANT DONE AK PLAN BENEFIS POU SIPÒTE LOKALITE YO LÈ NOU KONSIDERE, Eta Nouyòk (Eta) ap fè eksperyans yon kwasans san parèy nan demann pou devlopman sant done, akòz bezwen pou enfrastrikti enfòmatik ki sipòte entèlijans atifisyèl (artificial intelligence, AI), sèvis rezotaj, sèvis difizyon, ak lòt operasyon enfòmatik; epi LÈ NOU KONSIDERE, demann k ap ogmante pou kapasite estokaj ak tretman done, sitou pou travay enfòmatik entansif, mennen nan plizyè pwopozisyon pou konstriksyon ak operasyon sant done ki mande gwo kantite enèji ak dlo pou fè fonksyone epi refwadi plizyè milye sèvè enfòmatik; epi LÈ NOU KONSIDERE, apati me 2026, te gen prèske 12 jigawat (12,000 megawat) demann chaj sant done nan fil datant entèkoneksyon Operatè Sistèm Endepandan Nouyòk (New York Independent System Operator, NYISO) la, ak plis pase uit Jigawat ki te antre nan fil datant nan lane 2025 sèlman, sa ki reprezante yon kwasans demann ki akselere ak yon bezwen pou yo aji; epi LÈ NOU KONSIDERE, Energize NY Development, e yo te anonse nan Dokiman Eta Leta a pou ane 2026 la, mande Komisyon Sèvis Piblik (Public Service Commission, PSC) la pou modènize fason gwo konsomatè enèji yo, tankou sant done yo, konekte ak rezo a, tout pandan y ap asire konsomatè sa yo peye pòsyon ki jis pa yo oswa founi pwòp elektrisite pa yo; epi LÈ NOU KONSIDERE, se politik Eta Nouyòk la pou pri amelyorasyon sistèm elektrik ki nesesè pou bay sèvis elektrisite pou gwo chaj yo pa soti nan pòch Nouyòkè òdinè yo; epi LÈ NOU KONSIDERE, kwasans chaj elektrik nan tout Eta a ki koze pa sant done yo defye objektif enèji pwòp Eta a epi li pral mande akizisyon plis ekipman pou enèji pou sèvi chaj elektrik sa a ki ogmante; epi LÈ NOU KONSIDERE, devlopman sant done yo ka enprevizib epi kreye risk potansyèl pou sèvis piblik yo ak kontribyab yo, sitou lè yo fè envestisman nan enfrastrikti paske yo antisipe yon chaj elektrik ki ta ka pa janm reyalize nèt; epi LÈ NOU KONSIDERE, Eta a dedye li kalite anviwònmantal, bon sante piblik ak sekirite, pwosperite ekonomik, ak byennèt sosyal; epi LÈ NOU KONSIDERE, Nouyòkè yo te eksprime enkyetid lejitim konsènan enpak potansyèl plasman ak operasyon sant done yo sou itilizasyon enèji, itilizasyon dlo, kalite dlo, kalite lè, bri, ekleraj, kalite lavi, ak lòt enpak potansyèl sou anviwònman an; epi LÈ NOU KONSIDERE, kad regilatwa Eta a ki egziste deja yo poko pare pou adrese itilizasyon ak tretman dlo sou gwo echèl ki soti nan sant done yo ki ta ka mete yon presyon sou akwifè yo, dlo sifas yo ak enfrastrikti piblik yo; epi LÈ NOU KONSIDERE, pandan konpetisyon pou resous dlo dous pwòp ap ogmante akòz menas sou kalite dlo a ak chanjman nan modèl presipitasyon ak sechrès akòz chanjman klimatik, nesesite pou maksimize reyitilizasyon dlo epi aplike pi bon teknoloji ki disponib yo pou konsève resous dlo yo ap vin pi enpòtan, sitou nan sektè ki gen gwo demann dlo tankou sant done yo; epi LÈ NOU KONSIDERE, san règleman, politik, oswa konsèy ki pèmèt itilizasyon ak reyitilizasyon dlo ki an sekirite, efikas, epi ekonomikman vyab, Eta a riske agrave kondisyon rate dlo nan zòn ki gen anpil deman yo, limite kwasans endistriyèl, epi afebli rezistans klima alontèm; epi LÈ NOU KONSIDERE lokalite yo atravè Nouyòk yo ap lite deplizanpli ak depans ak benefis pou sèvi kòm kominote akèy pou sant done yo, epi òganize yon sant done prezante opòtinite inik pou kominote akèy la ankouraje epi garanti envestisman sektè prive a nan men pwomotè a oswa operatè a ki bay benefis lokal enpòtan; epi LÈ NOU KONSIDERE, alòske negosyasyon benefis lokal yo ak devlopè oswa operatè sant done yo se responsablite lokalite a, Eta a ka ofri resous teknik ki gen anpil valè epi bay pi bon pratik pou sipòte negosyasyon angajman lokal ki gen sans nan ki soti men devlopè a oswa operatè a; KOUNYE A, PA KONSEKAN, Mwen Kathy Hochul, Gouvènè Eta Nouyòk la, konfòmeman ak otorite Konstitisyon an ak lwa Eta Nouyòk yo te konfye mwen, avèk dokiman sa a mwen bay lòd konsa: 1.

Moratwa sou Pèmi Sant Done ak Deklarasyon sou Enpak Anviwònmantal Jeneral (Generic Environmental Impact Statement, GEIS) Depatman Sèvis Piblik (DPS) la gen enstriksyon pou egzamine enpak ki asosye ak entèkoneksyon sant done yo ak rezo distribisyon elektrik la nan kad pwosedi li anba Dosye 26-E-0045, ki se Pwosedi sou Mosyon Komisyon an pou Trete Refòm sou Entèkoneksyon pou Gwo Chaj Elektrik yo.

An koneksyon avèk pwosedi sa a, DPS resevwa enstriksyon tou pou lanse yon pwosesis piblik fòmèl, ki gen ladan kòmantè piblik ak yon odyans piblik, pou kreye yon Deklarasyon sou Enpak Anviwònmantal Jeneral an akò avèk egzijans Lwa sou Revizyon Kalite Anviwònmantal Eta a (State Environmental Quality Review Act, SEQRA) nan Atik 8 nan Lwa sou Konsèvasyon Anviwònmantal an ak règleman ki pibliye dapre li (kolektivman, SEQRA), pou evalye enpak anviwònmantal potansyèl konstriksyon ak operasyon sant done nan Eta a, ki gen ladan demann enèji, itilizasyon ak kalite dlo, kalite lè, enpak dispwopòsyonèl sou kominote defavorize yo, ak nivo bri.

DPS dwe soumèt yon rapò sou Deklarasyon Final sou Enpak Anviwònmantal Jeneral ak deklarasyon konklizyon yo. DPS dwe konsilte avèk Depatman Konsèvasyon Anviwònmantal (Department of Environmental Conservation, DEC) ansanm ak lòt ajans ak otorite eta ki konsène yo.

Jiskaske DPS soumèt rapò final li sou Deklarasyon sou Enpak Anviwònmantal Jeneral la ak deklarasyon konklizyon ki asosye yo, Depatman Konsèvasyon Anviwònmantal (DEC), an konfòmite avèk obligasyon li dapre EQRA, gen enstriksyon pou mete an sispansyon tout a plikasyon pou nenpòt pèmi diskresyonè, apwobasyon, lisans, oswa fòm pèmisyon menm jan an pou konstriksyon oswa agrandisman yon sant done ki (1) nan pwosesis analiz oswa ki ta ka depoze devan DEC apre dat sa a epi

(2) DEC pa t ko deklare kòm dosye ki konplè anvan dat Dekrè Egzekitif sa a. Kòm yon kondisyon anvan yo detèmine si yon aplikasyon pou yon pèmi diskresyonè, yon apwobasyon, yon lisans, oswa yon fòm pèmisyon menm jan an konplè, DEC ka mande aplikan an pou l idantifye epi dekri alekri si aplikasyon sa a gen rapò ak oswa enplike konstriksyon oswa operasyon yon sant done. Dispozisyon sa a pa aplike pou pèmi, apwobasyon, lisans, oswa fòm pèmisyon menm jan an nan ki soti men gouvènman lokal yo. DEC la dwe ede DPS nan preparasyon Deklarasyon sou Enpak Anviw ònmantal Jeneral ki mansyone pi wo a. 2.

Devlope yon Kad Envestisman Kominotè (Community Investment Framework, CIF) Pou ede lokalite yo atravè Nouyòk yo analize epi jwenn benefis ekonomik lokal yo epi diminye efè negatif potansyèl yo lè yo sèvi kòm yon kominote akèy pou yon sant done, Empire State Development (ESD) gen enstriksyon, epi pou li kreye ak pibliye sou sitwèb li a yon Kad Envestisman Kominotè, nan yon delè 60 jou apre Dekrè Egzekitif sa a fin siyen. ESD a dwe mete nan Kad Envestisman Kominotè sa a, konsèy ki asosye avèk li: a.

Kreyasyon ak antretyen yon fon envestisman kominotè kote devlopè oswa operatè sant done yo bay kapital ki ka itilize pou efò pou amelyore enèji ak amelyore sèvis piblik yo tankou gadri, pwogram K- 12, oswa enfrastrikti piblik. b. Envestisman nan enfrastrikti lokal tankou sistèm distribisyon enèji lokal yo, sistèm wo debi oswa irigasyon oswa izin tretman dlo ize c. Etabli kad ki bay travayè òganize yo yon plas nan negosyasyon yo epi ki bay priyorite ak estanda salè ki an vigè yo ak akò travay pwojè yo pou konstriksyon sant done, anbochaj lokal, aprantisaj ak devlopman mendèv pou maksimize benefis ekonomik yo. d.

Transparans atravè egzijans rapò oswa lòt mwayen pou kominote yo ka konprann anpil nan mezi ekonomik kle ki asosye ak devlopman sant done yo. Lokalite yo ak lòt antite gouvènmantal yo, tankou Ajans Devlopman Endistriyèl yo (Industrial Development Agencies, IDA) men ki pa limite a sa yo sèlman, ka itilize Kad Envestisman Kominotè a pou negosye tèm ak kondisyon ak pwomotè oswa operatè sant done sa a, pou ede kominote akèy la chèche fason li ka benefisye dirèkteman de pwojè sa a atravè patenarya etabli, envestisman dirèk nan kominote a, ak nenpòt lòt tèm ki apwopriye. 3.

Fon Akselerasyon pou Rezo Nouyòk la DPS gen enstriksyon tou pou konsidere devlopman yon mekanis pou pwoteje tout kliyan yo kont risk gwo depans ak risk pèt sou byen ki vin pa itil yo, tankou konsiderasyon yon Fon Akselerasyon pou Rezo Nouyòk, epi li ka konsidere sa kòm yon pati nan Pwosedi Energize NY la. Fon an ka mande sant done yo pou fè kontribisyon kapital davans pou finanse amelyorasyon rezo a, patisipe nan pwogram repons ak demann yo, sipòte akizisyon nouvo ekipman pou enèji pwòp ki gen ladan resous enèji distribye, epi etabli yon pisin asirans kote devlopè yo ka bezwen kontribye.

Fon sa a ta ede asire ke rezo elektrik Nouyòk la modènize pou kenbe fyabilite li, tout pandan y ap asire ke lòt kontribyab yo pa peye depans pou entegre ak sèvi nouvo chaj sa yo. Fon an ta ka eksplore tou opsyon pou sipòte enèji abòdab. DPS dwe konsidere evalye kijan kontribisyon sant done yo nan Fon an ka estriktire, ki gen ladan nivo kontribisyon yo ak kijan lajan yo ka asiyen. Anplis de sa, depatman an dwe konsidere devlope yon pwosesis pou travay avèk sèvis piblik yo ak lòt moun ki gen enterè pou idantifye amelyorasyon enfrastrikti ki nesesè yo atravè rezo a.

Yon eleman nan Fon an ka gen ladan mezi pou pwoteje kontribyab yo kont reta nan pwojè, chanjman nan dimansyon, oswa anilasyon ki ta ka lakòz byen ki vin pa itil. Kòm yon pati nan efò sa a, DPS ka evalye apwòch pou egzije sant done yo finanse nouvo jenerasyon elektrisite pwòp ak/oswa depo batri ki dedye a operasyon yo, ki koyeran avèk objektif enèji pwòp Eta a, sa ki gen ladan l resous enèji distribiye ki enstale dirèkteman sou sit kliyan an, nan nivo ki pi posib la 4.

Entèkoneksyon, Fyabilite, ak Alokasyon Pri DPS resevwa enstriksyon pou nan swasant jou fòme yon Gwoup Travay sou Entèkoneksyon Sant Done pou idantifye epi rezoud pwoblèm ki gen rapò ak entèkoneksyon sant done yo, ak lòt gwo chaj, Sa ap pèmèt nouvo gwo kliyan yo jwenn kouran pi fasil epi sa ap garanti aplikasyon strik règleman ki vle pou "moun ki benefisye a peye depans yo" pou travay amelyorasyon rezo a ak garanti sekirite rezèv enèji a.

DPS gen enstriksyon pou reyini pwopriyetè transmisyon Eta a pou revize pratik ak metodoloji yo pou etidye enpak sant done yo ak lòt gwo chaj yo sou sistèm nan pou yo ka konprann sifizans yo pou estime ak jere enpak sou pri yo, anrapò ak amelyorasyon rezo a ak ekipman. DPS gen enstriksyon pou fè yon rapò bay Komisyon an nan espas katreven dis jou. Sant done yo kapab tou sijè a klasifikasyon sèvis ak egzijans ki gen rapò ak sant done yo ke DPS pral devlope epi jan Komisyon Sèvis Piblik la ka etabli nan egzèsis pouvwa diskresyonè li. 5.

Revizyon ak Rapò sou Retrè Dlo nan Sant Done DEC la dwe evalye si nenpòt règleman, politik, rapò, oswa gidans nouvo oswa modifye nesesè oswa apwopriye pou ede asire ke egzijans pwogram retrè dlo li yo, dapre 6 NYCRR Pati 601 ak 602, reflete avèk presizyon e konplètman demand dlo gwo kliyan ki itilize dlo nan Eta a, tankou sant done yo. Pa pita pase douz mwa apre dat Dekrè sa a, DEC la dwe remèt yon rapò ki prezante rezilta evalyasyon sa a epi yon idantifikasyon aksyon regilatwa, politik ak oryantasyon potansyèl ki nesesè oswa apwopriye pou adrese enkyetid ki asosye ak plasman ak operasyon sant done nan Eta a. 6.

Definisyon Dapre Dekrè Egzekitif sa a, "sant done" vle di yon etablisman oswa yon gwoup etablisman ki sitiye sou menm sit la oswa sou sit ki konekte youn ak lòt epi ki itilize pou loje sèvè òdinatè, konpozan ki asosye avèk yo, oswa ekipman enfòmatik oswa telekominikasyon pou estoke, trete, distribye ak/oswa jere done.

Karakteristik sant done ki sijè a Dekrè Egzekitif sa a gen ladan yo sèvè òdinatè, konpozan ki asosye avèk yo, oswa ekipman enfòmatik oswa telekominikasyon ki: (1) yo nan enstalasyon ki gen sistèm ekipman pou pouvwa san entèripsyon, sistèm refwadisman espesyalize ki fèt pou chaj enfòmatik ki gen dansite elve, ak/oswa ki gen sistèm sibèsekirite ki fèt pou operasyon enfrastrikti dijital an sekirite, (2) bay depo done, sèvis rezotaj, ak/oswa livrezon kontni bay kliyan, operasyon entèn, ak/oswa operasyon biznis afilye, souvan sou yon sik kontinyèl vennkat èdtan, epi (3) konsome oswa ka konsome 50 megawat enèji oswa plis.

Sepandan, si yon etablisman ki prensipalman itilize pou fabrikasyon, rechèch (ki gen ladan men pa limite a rechèch sou enfòmatik pwopòsyon oswa rechèch byomedikal), edikasyon (ki gen ladan men pa limite a etablisman sa ke kolèj ak inivèsite akredite nan Eta Nouyòk itilize, nan limit ke kolèj ak inivèsite sa yo ap angaje nan rechèch akademik, ak konsòsyòm Empire AI, oswa enstiti a, jan sa defini nan seksyon twasan swasant-yon nan Lwa Devlopman Ekonomik la), oswa pou bay swen medikal, pa kouvri pa definisyon sa a e pakonsekan li pa sijè a Dekrè Egzekitif sa a. 7.

Konsiltasyon Ajans Nan aplikasyon dekrè sa a, DEC, DPS, ak ESD dwe konsilte youn ak lòt epi avèk lòt ajans ak otorite patnè nan Eta a, tankou Biwo Bidjè Otorite (Authorities Budget Office), Depatman Sante (Department of Health, DOH), Otorite Rechèch ak Devlopman Enèji Eta Nouyòk (New York State Energy Research and Development Authority, NYSERDA), Otorite Enèji Long Island (Long Island Power Authority, LIPA), Depatman Deta (Department of State, DOS), ansanm ak Operatè Sistèm Endepandan Nouyòk (NYISO) la. F È T anba siyati mwen ak So Prive Eta a nan Vil Albany nan katòzyèm jou mwa jiyè nan ane de mil vennsis.

SOU LÒD GOUVÈNÈ A Sekretè Gouvènè a

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Exec. Order No. 62
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifierbce11f5adf4536825deb4b6ff2344651776e09fb

Source file is stored in the law ingest library (pdf).

Data Center Moratorium (Haitian Creole) | CaseLite