GIVE Program (Haitian Creole)

N.Y. Gov. Press Rel. 2026-07-27

New York Governor Executive Orders

Loading PDF viewer…

GIVE Program (Haitian Creole)

N.Y. Gov. Press Rel. 2026-07-27

New York Governor Executive Orders

Pou Piblikasyon Imedya: 27/07/2026 GOUVÈNÈ KATHY HOCHUL LARI KI PI AN SEKIRITE: GOUVÈNÈ HOCHUL ANONSE PWOGRÈ KONTINYÈL NAN LIT NOUYÒK LA POU REDUI VYOLANS AK ZAM Ensidan fiziyad ki lakòz blese te bese nan kominote yo ki patisipe nan Inisyativ pou Elimine Vyolans ak Zam (GIVE) eta te diminye 19 pousan pandan premye mwatye 2026 la Disèt depatman lapolis GIVE yo pa rapòte okenn omisid akoz fiziyad soti janvye rive jen Depatman Lapolis Rochester, Konte Suffolk ak Syracuse yo te fè eksperyans yon diminisyon de chif nan ensidan fiziyad ki te lakòz blesi Endis krim lan te diminye tou 6 pousan nan kominote GIVE yo pandan premye trimès 2026 la, epi 13 pousan lè yo konpare 2025 ak 2024 Pwogrè enpòtan kenbe rediksyon dramatik ki te fèt an 2025, lè ensidan fiziyad ki te lakòz blesi te rive nan pi piti kantite yo te janm rapòte Depi li te antre an fonksyon, Gouvènè Hochul te envesti prèske 4 milya dola nan sekirite piblik pou diminye krim epi pwoteje Nouyòkè yo Gouvènè Kathy Hochul te anonse jodi a ke vyolans ak zam nan kominote k ap patisipe nan inisyativ Eliminasyon Vyolans ki Enplike Zam (Gun Involved Violence Elimination, GIVE) Eta a te diminye 19 pousan pandan premye mwatye 2026 la konpare ak menm peryòd ane pase.

Lanmò akoz fiziyad te diminye tou 48 pousan (26 kont 50), avèk 17 depatman lapolis ki pa rapòte okenn asasina ki gen rapò ak zam afe pandan sis premye mwa 2026 yo: Amherst, Auburn, Binghamton, Hempstead, Ithaca, Jamestown, Kingston, Lackawanna, Middletown, Mount Vernon, Newburgh (vil), Rochester, Schenectady, Spring Valley, Utica, Watertown ak Yonkers. Done pou premye trimès 2026 la, rapòte pa 28 depatman lapolis GIVE yo, te montre tou pwogrè nan rediksyon endis krim, ansanm yo rapòte yon diminisyon sis pousan konpare ak premye trimès ane pase a. "Estatistik sa yo plis pase jis chif.

Yo se lavi ki pa te gaspiye, yon pwòch ki pa t resevwa yon apèl telefòn ki devaste li, ak yon kominote ki te evite yon lòt zak vyolans", Gouvènè Hochul te deklare. "Se poutèt sa nou fè envestisman rekò ni nan aplikasyon lwa ni nan

prevansyon — paske Nouyòkè yo merite santi yo an sekirite nan katye yo. Rezilta sa yo montre sa ki posib lè nou rete angaje pou nou rann kominote nou yo pi an sekirite, epi nou pap abandone jiskaske chak Nouyòkè santi yo an sekirite kote y ap viv la." Anplis bès nan ensidan fiziyad ki gen blesi (197 kont 244) pandan premye mwatye ane sa a konpare ak 2025, kantite viktim fiziyad yo te diminye 20 pousan (223 kont 279).

Pwogrè enpòtan sa a soutni rediksyon dramatik ki te fèt an 2025, lè ensidan fiziyad ki te lakòz blesi te rive nan pi piti kantite ensidan ki te janm rapòte depi eta a te kòmanse swiv done sa yo 20 ane de sa. Ensidan fiziyad ki te lakòz blesi te diminye 66 pousan (197 kont 583) lè yo konpare done ki soti janvye rive jen ane sa a ak premye mwatye 2021 an. Inisyativ GIVE la, ki administre pa Divizyon Sèvis Jistis Kriminèl (Division of Criminal Justice Services, DCJS) Eta, sipòte pèsonèl, lè siplemantè, ekipman ak teknoloji.

Ajans k ap patisipe nan inisyativ la nan chak konte dwe kolabore pou devlope yon plan konplè ki dekri estrateji ki baze sou prèv yo pral itilize pou adrese fiziyad ak krim vyolan ki gen rapò ak zam afe. 28 depatman lapolis ki patisipe yo ansanm responsab pou anviwon 90 pousan krim vyolan ki enplike zam afe ak 85 pousan tout krim vyolan ki rapòte deyò Vil Nouyòk. Komisè Divizyon Sèvis Jistis Kriminèl Eta Nouyòk, Rossana Rosado, te deklare, "Toupatou nan Nouyòk, patnè GIVE devwe nou yo kontinye fè yon vrè diferans nan kominote yo.

Tandans pozitif sa yo nan vyolans ak krim ak zam reprezante mwens trajedi, plis fanmi ki rete antye, ak plis jèn moun ki vivan e ki kapab pwospere. Angajman san fay Gouvènè Hochul anvè sekirite piblik la asire ke ajans lapolis lokal yo ak òganizasyon ki baze nan kominote a kontinye gen resous yo bezwen pou transfòme lavi epi bati kominote ki pi an sekirite e ki pi rezistan pou tout moun." 17,105 endis krim ajans GIVE yo te rapòte soti janvye rive mas te pi piti kantite krim yo te rapòte pandan premye trimès nenpòt ane soti 2017 rive 2026.

Ajans GIVE yo, ki sèvi kominote ki gen plis moun nan eta a deyò Vil Nouyòk, te rapòte tou mwens krim vyolan (2,473 kont 3,288, yon bès 25 pousan), ki gen ladan asasina (16), ak krim kont pwopriyete (14,632 kont 17,608, yon bès 17 pousan) pandan twa premye mwa yo nan menm peryòd tan sa a. Pwogrè sa a kontinye rediksyon nan krim ki te fèt nan kominote sa yo ane pase a, lè endis krim lan te diminye 13 pousan konpare ak 2024. Chak nan sèt endis krim yo — kat vyolan (asasina, vyòl, vòl, agresyon grav) ak twa kont pwopriyete (kanbriyolaj, vòl, vòl veyikil a motè) — te diminye pa pousantaj de chif.

Endis krim nan 57 konte ki pa nan Vil Nouyòk yo te bese tou 14 pousan an 2025 konpare ak 2024, li rive nan pi ba nivo li nan 10 ane (2016 jiska 2025). Te gen 257 asasina kie yo te rapòte, dezyèm pi ba kantite pandan peryòd sa a. GIVE fè pati apwòch konplè eta a pou konbat vyolans ak zam, amelyore sekirite piblik, epi ranfòse kominote yo. Bidjè 2027 la ki te adopte a kenbe envestisman nan nivo rekò

nan kad prevansyon, entèvansyon ak aplikasyon lwa, tankou adrese pwoblèm emèjan tankou zam ki fèt ak enprimant 3-D ak mitrayèz ki fabrike lakay yo. Depi lè li te antre an fonksyon, Gouvènè Hochul te garanti envestisman nan nivo rekò pou fòs lòd la epi li te ogmante envestisman nan inisyativ ak pwogram ki kreye opòtinite pou jèn yo ak fanmi yo epi ki ranfòse katye yo, tankou SNUG Street Outreach, Project RISE, inisyativ sekirite piblik dirije pa kominote a nan Bronx la, efò pou depistaj prevansyon blesi ak zam afe ak efò estokaj an sekirite ak nouvo pwogram HOPE la pou jèn yo ak fanmi yo.

Apwòch ki gen plizyè aspè sa a rekonèt enpòtans pou bay sipò kontinyèl bay kominote ki poko patisipe konplètman nan pwogrè pou dedwi vyolans ak zam lan. Divizyon Sèvis Jistis Penal la bay sipò enpòtan nan tout aspè nan sistèm jistis penal eta a, ki enkli men ki pa limite a sa sèlman: fòme fòs de lòd yo ak lòt pwofesyonèl jistis penal yo; sipèvize yon pwogram akreditasyon fòs de lòd; asire Breathalyzer (tès alkò

l) ak ekipman pou fè respekte vitès ke fòs de lòd lokal yo itilize pou fonksyone kòrèkteman; jere finansman sibvansyon jistis penal; analize enfòmasyon sou krim ak pwogram nan tout eta a; bay sipò rechèch; sipèvize depatman pwobasyon konte yo ak altènatif nan pwogram prizon yo; epi kowòdone politik jistis pou jèn yo. Swiv DCJS sou Facebook, Instagram, ak LinkedIn. Lidè Majorite Sena a, Andrea Stewart-Cousins, te deklare, "Diminisyon kontinyèl nan vyolans ak zam pwouve ke envestisman entelijan nan prevansyon, entèvansyon, ak aplikasyon lalwa sible bay rezilta reyèl.

Yo deja santi gwo pwogrè sa yo nan kominote tankou Yonkers ak Mount Vernon, kote fanmi yo an sekirite pi plis e kote katye yo pi solid gras ak inisyativ ki deja fè prèv yo tankou GIVE ak SNUG. Depi nan kòmansman an, majorite Sena a te defann SNUG ak lòt pwogram prevansyon vyolans ki baze nan kominote a paske nou konnen ke mesaje nou fè konfyans ak patenarya lokal yo esansyèl pou anpeche vyolans anvan li rive.

Anba lidèchip mwen, nou te priyorize solisyon sekirite piblik ki baze sou prèv, tankou 352 milyon dola nan Bidjè Ane Fiskal 2026-27 la pou efò prevansyon vyolans ak zam ki sipòte fòs lòd la, ranfòse kominote yo, epi sove lavi. Nou pral kontinye travay avèk Gouvènè Hochul ak patnè nou yo atravè Nouyòk pou asire ke chak kominote gen zouti ak resous ki nesesè pou kontinye sou pwogrè sa a epi kenbe Nouyòkè yo an sekirite." Senatè Eta a Shelley Mayer, te deklare, "Chak lanmò akoz vyolans ak zam kraze fanmi ak kominote yo an miyèt moso, epi sa kite yon gwo sikatris ki afekte lavi plizyè douzèn moun.

Okontrè, dènye diminisyon siyifikatif nan fiziyad yo vle di plis kominote rete antye e plis fanmi rete entak. Done sa yo pwouve yon pwen enpòtan: envesti nan estrateji ki baze sou prèv epi koute kominote lokal yo pote anpil rezilta nan sove lavi. Pou nou kenbe momantòm sa a ki sove lavi moun, nou dwe double envestisman enpòtan sa yo. Mèsi Gouvènè Kathy Hochul ak Lidè Majorite Stewart-Cousins paske yo te priyorize sekirite piblik la." Senatè Eta a Michelle Hinchey te deklare, "Nou te bay finansman pou prevansyon vyolans ak zam atravè pwogram GIVE la pou asire ke fòs lòd lokal nou yo gen resous

pou koupe sik vyolans yo epi rann kominote nou yo pi an sekirite — epi li ap mache. Dènye chif yo montre aklè ke atravè kominote GIVE yo, tankou Vil Kingston, nou wè yon bès siyifikatif nan vyolans ak zam ak pèt lavi. Sa a se rezilta envestisman vital nan prevansyon kominotè tankou GIVE, epi mwen remèsye Depatman Lapolis Vil Kingston pou efò eksepsyonèl yo." Senatè Eta a, Samra Brouk te deklare, "Pwogram Eliminasyon Vyolans ki Enplike Zam (GIVE) la te jwe yon wòl enpòtan nan ede Rochester vin pi an sekirite pou rezidan nou yo.

Mwen felisite Gouvènè Hochul pou envestisman kontinyèl li nan diminye vyolans ak zam epi paske li priyorize sekirite ak byennèt Nouyòkè yo atravè eta a." Senatè Eta a, Rachel May, te deklare, "Avèk inisyativ GIVE la, nou gen yon enpak siyifikatif nan Nouyòk Santral. Katye ki pi an sekirite vle di fanmi yo ka pwospere, epi kominote yo ka atenn tout potansyèl yo. Rezilta sa yo montre ke envesti nan prevansyon vyolans ak sekirite piblik fè yon gwo diferans.

Mèsi Gouvènè Hochul pou lidèchip ak angajman li nan diminye vyolans ak zam epi ede bati kominote ki pi an sekirite atravè Eta Nouyòk la." Senatè Eta a, Nathalia Fernandez, te deklare, "Chak rediksyon nan vyolans ak zam vle di mwens fanmi nan lapenn epi plis Nouyòkè kapab santi yo an sekirite nan kominote yo rele lakay yo. Pwogrè sa a reflete travay fòs lòd la, moun k ap entèwonp vyolans, òganizasyon kominotè yo ak fonksyonè piblik yo ki angaje pou sove lavi. Mwen remèsye Gouvènè Hochul paske li kontinye envesti nan inisyativ ak patenarya k ap ede rann kominote nou yo pi an sekirite." Manm Asanble J.

Gary Pretlow te deklare, "Chak rezidan merite santi yo an sekirite nan katye yo a, epi rezilta sa yo demontre sa ki posib lè fòs lòd la, òganizasyon kominotè yo, ak lidè eta yo travay ansanm ak yon angajman pataje pou anpeche vyolans anvan li rive. Mwen patikilyèman ankouraje ke ni Mount Vernon ni Yonkers pa rapòte okenn omisid ki gen rapò ak zam afe pandan premye mwatye 2026 la, yon temwayaj devouman depatman lapolis lokal nou yo, defansè kominote a, ak rezidan yo ki refize aksepte vyolans ak zamvin tounen yonn bagay nòmal. Pandan n ap selebre pwogrè sa a, travay nou an poko fini.

Nou dwe kontinye envesti nan estrateji prevansyon vyolans ki deja pwouve efikasite yo, opòtinite pou jèn yo, ak patenarya kominotè pou asire chak fanmi ka viv an sekirite epi chak timoun ka grandi san laperèz vyolans ak zam." Manm Asanble Harry B. Bronson, te deklare, "Depi lè li te mete ann aplikasyon pwogran GIVE la, Rochester te wè yon diminisyon enpòtan nan vyolans, nan tout nivo. Avèk finansman GIVE la, lapolis ak lidè lokal yo ekipe ak zouti ak resous yo bezwen pou adopte yon apwòch ki baze sou prèv pou anpeche ak diminye vyolans ak zam.

Nou toujou gen travay pou nou fè, e travay sa a ap kontinye avèk GIVE ansanm ak apwòch kominotè yo pou prevansyon vyolans. Inisyativ sa yo pa sèlman ap fè lari nou yo pi an sekirite, men y ap transfòme katye yo ak lavi yo, bay jèn yo pi bon opòtinite ak altènativ, epi asire fòs lòd nou yo gen resous pou amelyore kominote y ap sèvi yo."

Manm Asanble a Michaelle C. Solages te deklare, "Redui vyolans ak zam vle di fanmi yo evite trajedi epi katye nou yo an sekirite - jan yo sipoze ye a. Pwogrè inisyativ sa a fè a montre sa ki posib lè lidè ki enterese nan pwoteje rezidan yo kont vyolans san sans ak terib yo distribye resous yo avèk entelijans. Mwen felisite Gouvènè Hochul pou travay li nan sekirize eta nou an ak pwoteje rezidan nou yo.

Nou dwe kontinye bati sou pwogrè sa yo pou chak Nouyòkè ka santi yo an sekirite lakay yo ak nan kominote yo a." Manm Asanble, Jen Lunsford, te deklare, "Estatistik yo ki montre krim, vyolans ak lanmò ak zam ap bese anpil atravè eta a se yon endikasyon klè ke prevansyon an fonksyone. Finansman GIVE, ak entèvansyon lokal yo, sou teren an ke li alimente, rann kominote nou yo pi an sekirite. Chif yo pa bay manti.

Mwen fyè de pwogrè nou fè pou kominote ki pi an sekirite grasa finansman GIVE, epi mwen remèsye Gouvènè a pou angajman kontinyèl li pou l fè lajan sa yo rive nan kòd postal ki pi bezwen yo." Manm Asanble, Marianne Buttenschon te deklare, "Mwen rekonesan anvè premye sekouris nou yo ki sou premye liy lan ap konbat vyolans ak zam. Mwen apresye tou Gouvènè a ki finanse pwogram GIVE yo k ap travay pou kenbe kominote nou yo an sekirite.

Priyorite nimewo en mwen kontinye se konbat itilizasyon ilegal zam pa jèn nou yo ak jèn adilt nou yo, paske twòp nan timoun nou yo toujou ap sibi eksplwatasyon ak manipilasyon pa kriminèl adilt ki mete zam nan men yo pou yo komèt zak vyolans. Estatistik jodi a ankourajan, men gen plis travay ki rete pou fèt, epi m ap kontinye sipòte GIVE ak tout efò pou diminye vyolans ak zam." Manm Asanble Noah Burroughs, te deklare, "Mwen felisite Gouvènè Hochul pou envestisman kontinyèl li nan kominote nou yo ak inisyativ tankou GIVE. Chif yo pale pou tèt yo.

Lè ou envesti nan kominote ou yo epi sipòte konfò ki nan kominote sa yo, ou wè rezilta." Manm Asanble, Sarah Clark, te deklare, "Lefèt ke nou wè Rochester pami kominote ki pa rapòte okenn omisid ki gen rapò ak zam afe pandan premye mwatye ane sa a se yon rapèl pwisan ke envestisman soutni nan sekirite piblik la mache. Pwogrè n ap wè a se rezilta efò konbine fòs lòd yo, òganizasyon prevansyon vyolans yo, lidè katye yo ak rezidan yo ki mete tèt ansanm pou rann kominote nou yo pi an sekirite.

Nou dwe kontinye bati sou momantòm sa a lè nou sipòte tou de pwogram prevansyon ki pwouve efikasite yo ak resous sekirite piblik yo k ap ede sove lavi nan Rochester ak kominote toupatou nan Nouyòk. Mwen rekonesan anvè Gouvènè Hochul pou angajman kontinyèl li anvè envestisman sa yo ak tout moun ki sou teren an ke travay yo ap fè yon vrè diferans." Majistra Vil Syracuse, Sharon Owens, te deklare, "Siracuse kontinye wè yon bès siyifikatif nan vyolans ak zam, sa ki reflete travay di ak angajman Depatman Lapolis Syracuse la, Biwo Majistra a pou Redui Vyolans ak Zam, ak anpil patnè kominotè ki kanpe avèk nou.

Mwen apresye patenarya ak sipò kontinyèl Gouvènè Hochul nan efò nou yo. Sepandan, yon sèl lavi ki pèdi, akòz nenpòt fòm vyolans, twòp. Lè nou kanpe ansanm epi nou sipòte youn lòt, nou rete ini nan angajman nou pou pwoteje katye nou yo epi travay ansanm pou yon Syracuse san vyolans."

Chèf Lapolis Vil Syracuse la, Mark Rusin, te deklae "Diminisyon kontinyèl nan fiziyad nan Syracuse reflete enpak aplikasyon lwa ki santre sou kalite, politik pwo-aktif, ak patenarya solid. Atravè inisyativ GIVE la ak kolaborasyon nou avèk patnè nan eta a, konte a, ak kominote a, n ap rann vil nou an pi an sekirite. Malgre ke gen toujou travay pou fèt, rezilta sa yo montre angajman ofisye nou yo ap fè yon diferans, epi ofisye nou yo ap kontinye bati sou gwo pwogrè sa a." Majistra Vil Rochester Malik D.

Evans te deklare, "Envestisman Gouvènè Kathy Hochul nan inisyativ GIVE la te jwe yon wòl enpòtan nan bese vyolans ak zam nan Rochester nan pwen ki pi ba li depi 15 an.

Mwen pwofondman rekonesan anvè angajman kontinyèl Gouvènè Hochul nan inisyativ sa a, k ap ede nou rann lari nou yo pi an sekirite epi pote lapè nan katye nou yo." ### Lòt nouvèl disponib sou sit www.governor.ny.gov Eta Nouyòk | Chanm Egzekitif | press.office@exec.ny.gov | 518.474.8418 Enskri pou w jwenn mizajou Biwo Gouvènè a: ny.gov/signup | Voye tèks NEW YORK bay 81336 ANILE ENSKRIPSYON OU Pou dezabòne nan gwoup sa a epi sispann resevwa imèl ki soti ladan, voye yon imèl bay press.release+unsubscribe@exec.ny.gov.

Document details

CollectionNew York Governor Executive Orders
CitationN.Y. Gov. Press Rel. 2026-07-27
Typeexecutive_order
Languageen
Formatpdf
SourceNY_EO
Identifierd39ba4e9330f302d0407455b4308b31f0184ee08

Source file is stored in the law ingest library (pdf).

GIVE Program (Haitian Creole) | CaseLite